Accessibility links

Breaking News

Basketè Pwofesyonèl Samuel Dalenbert Pral Fè yon Vizit 6 Jou Ann Ayiti


Yon gwo vedèt basketball pwofesyonèl Ozetazini, ayisyen Samuel Dalenbert, genyen pou li antre ann Ayiti jedi 9 jen 2011 la pou yon vizit k ap dire jous nan dat 14 jen.

Dalembert, ki te kòmanse karyè pwofesyonèl li nan Philadelphia 76ers, ap jwe pou le moman nan ekip Sacramento Kings.

Pandan sejou li ann Ayiti, li pral anime kèk klinik spòtif pou jèn ak gran moun ayisyen, li gen pou l patisipe nan aktivite UNICEF mete sou pye chak ane pou timoun, epi li pral rankontre ak timoun k ap viv nan kèk zòn defavorize.

Samuel Dalembert ap fè vwayaj 6 jou sa a ansanm avèk basketèz pwofesyonèl Nykesha Sales ki pandan 6 fwa te fè pati ekip all-star Asosyasyon Nasyonal Basketbòl Feminen Lèzetazini an (WNBA).

XS
SM
MD
LG