Accessibility links

Breaking News

La BID Anonse Yon Don 118 Milyon Pou Ayiti - FMI Anile Tout Dèt Peyi a


Nan yon nòt pou laprès La BID (Bank Entè-Ameriken Devlopman) fè parèt mèkredi 21 jiyè a, li anonse li apwouve pou Ayiti yon seri don k ap monte rive 118 MILYON dola.

Objektif don sa yo se amelyore sèvis dlo ak elektrisite nan Pòtoprens, sèvis ki te sibi gwo domaj nan tanblemanntè 12 janvye pase a; yon lòt objektif se pou ede peyi a amelyore kondisyon lari yo ak wout nasyonal yo.

Se konsa yon don ki monte rive 14 milyon dola pral sèvi pou ede sèvis elektrik la rekanpe sou pye l nan Pòtoprens gras ak yon entèvansyon ki pral ogmante disponiblite kouran nan vil la e diminye an menm tan blackout ki afekte kapital la.

Pou kounye a, gouvènman ayisyen an ap itilize yon pati nan don li te deja resevwa pou l finanse yon pwojè ak La BID e ak Bank Mondyal pou l repare sikui ki pi enpòtan yo.

Nòt pou laprès La BID a kontinye pou l di yon lòt don 29 milyon dola pral sèvi pou konplete reparasyon wout nasyonal No. 1 an (donk wout nasyonal ki lye Pòtoprens ak Kap-Ayisyen an), men travay yo pral fèt ant Pòtopens ak vil Sen-Mak, ki se youn nan sikui woutye ki genyen plis sikilasyon nan peyi a.

Yon lòt don 25 Milyon dola pral sèvi pou fè reparasyon nan rezo wout segondè ki nan Depatman Sid, Grand-Ans avèk Nip.

Yon lòt, kote chèf Misyon Fon Monetè Entènasyonal la ann Ayiti deklare FMI elimine tout dèt Ayiti te genyen pou li. Plis detay avèk Ronald César.

Klike sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou w koute repòtaj Ronald Cesar sou desizyon FMI an.

XS
SM
MD
LG