Accessibility links

Breaking News

Pou Denonse Kidnaping, Legliz Katolik Fèmen Tout Lekòl Li Pandan 3 Jou


Nouvo desizyon Legliz Katolik la vle di tout lekòl primè, segondè ak inivesite ki anba kontwòl relijyon katolik rete fèmen pandan jounen mèkredi 21 avril la e se pral menm bagay la pou jedi 22 ak vandredi 23 avril.

Legliz katolik deside fèmen tout lekòl kongreganis yo pandan 3 jou, apati de mekredi 21 avril 2021 an, kòm yon siyn pwotestasyon pasifik kont kidnaping 10 relijye ki nan men bandi depi anviwon 2 semèn. Jedi 15 avril pase, otorite legliz la te deside fèmen etablisman eskolè yo nan tout nivo pou menm rezon an, sètadi pou kondane le fèt ke gwoup bandi 400 Mawozo te poze men sou gwoup relijye yo epi yo kenbe yo jiskaprezan san moun pa gen nouv èl yo. Nouvo desizyon Legliz Katolik la vle di tout lekòl primè, segondè ak inivesite ki anba kontwòl relijyon katolik rete fèmen pandan jounen mèkredi 21 avril la e se pral menm bagay la pou jedi 22 ak vandredi 23 avril.

Korespondan nou nan Pòtoprens, Renan Toussaint, fè konnen li remake yon diferans ant repons apèl Legliz Katolik te jwenn bò kote gran piblik la sa gen yon semèn avèk reyaksyon jeneral diferan sektè aprè 2èm apèl ki mande fèmti lekòl kongreganis yo pandan 3 jou. Vrèmanvre, alòske tout sektè –sitou sektè komès/endistri a avèk sektè transpò piblik la- te fèmen tout aktivite kòm yon siyn solidarite ak dirijan katolik yo nan jounen jedi 15 avril la, pou jounen mekredi 21 avril la moun te ka konstate tout aktivite t ap dewoule nòmalman, sa ki pouse kèk obsèvatè di yo regrèt mank sipò sa a pou yon mouvman legliz lanse pou montre senpati pou 10 viktim kidnaping yo e egzije liberasyon yo san kondisyon.

Dife nan lari Pòtoprens pandan yon manifestasyon anti gouvènmantal nan dat 17 mas 2021.
Dife nan lari Pòtoprens pandan yon manifestasyon anti gouvènmantal nan dat 17 mas 2021.

Militan dwamoun Pierre Espérance, dirijan Rezo Nasyonal Defans Dwamoun ann Ayiti (Le Réseau National pour la Défense des Droits Humains, RNDDH), denonse ak tout fòs li sitiyasyon kote kantite gang yo ap miltipliye nan peyi a san otorite yo pa ka rive mete yon fren nan aktivite yo. Misye Espérance ajoute se paske responsab pouvwa a ann Ayiti pa fè travay yo kòmsadwa ki fè klima sekirite a pa sispann deteryore jiskaske Ayiti tounen yon peyi kote tout moun pè, kote moun pa ka viv yon vi nòmal, sitou depi fenomèn kidnaping nan pa sispann vale teren nan kapital la.

Anfen nouvèl yo fè konnen nan jounen madi 20 avril la, nèg ame te tope kòn yo ak lapolis nan sòti sid Pòtoprens kote sanble polisye yo te prese chape poul yo, paske sitiyasyon a te depase yo. Dapre korespondan nou Renan Toussaint, nan okazyon an bandi yo te tèlman alèz pou yo opre, yo rive sezi plizye machin, yo kidnape anpil moun e yo antre avèk yo nan geto Gran Ravin ki anba kontwòl chèf gang Ti Lapli.

XS
SM
MD
LG