Sekretè jeneral Nasyonzini an, Ban Ki Moon, eksprime gwo kè sote sou pwojè Kore di Nò genyen pou l lanse yon satelit an òbit e li pwomèt pou l soulve kesyon sa a nan pwochen somè ki pral dewoule sou sekirite nikleyè nan Seoul.
Pandan msye Ban t ap pale nan Malezi, li deklare lansman misil la menase sekirite rejyonal e li minimize pwogrè ki te fèt sa pa gen lontan sou wout pou mete fen nan mezantant ki genyen sou pwogram nikleyè Pyongyang nan.