Accessibility links

Breaking News

Etazini: Prezidan Obama ap Mennen Kanpay nan Ohio


Prezidan ameriken an, Barack Obama
Prezidan ameriken an, Barack Obama

Prezidan Barack Obama -ki se yon demokrat e ki pa genyen pyès rival devan n nan pati li a- pral mennen kanpay mèkredi 4 janvye a nan eta Ohio, nan pati sant-wè peyi a.

Obsèvatè yo atann yo aske misye Obama defann pwogram ekonomik administrasyon n nan ki anba gwo kritik, nan moman kanpay la kòmanse chofe seryezman. Pandan prezidan ameriken an t ap pale madi nan vil Washington, li bay detay sou reyalizasyon gouvènman n nan --pami yo li atire atansyon sou lwa ki pote refòm nan Wall Street (donk, refòm nan fason sistèm ekonomik la fonksyone), fen lagè Irak la epi lwa ki chanje prensip ki te anpeche omosèksyèl sèvi ouvètman nan lame amerikèn nan.

Misye Obama di patizan n yo sèl fason pou tout reyalizasyon sa yo kenbe, se pou yo montre nan peryòd kanpay la menm bòn dispozisyon, menm kouraj ak menm enèji yo te montre nan kanpay elektoral ki te mennen n nan la Mezon Blanch nan ane 2008 la.

Prezidan Obama deklare:

"Mezanmi, nou ban m enspirasyon chak jou Bondye mete. Mwen ta vle pou nou sonje e fè lòt moun sonje genyen anpil travay k ap tann nou deyò a, e pa gen anyen nou pa ka fè si nou mete ansanm kòm sitwayen e si nou deside pote chanjman ki fè diferans.”

Misye Obama fini pa di gen anpil travay ki rete pou fèt; pwoblèm ki poze nan peyi a pa t rive nan yon jou e yo pa p jwenn solisyon nan yon jou non plis

XS
SM
MD
LG