Accessibility links

Breaking News

Gouvènman Bahamas la Menase pou l Kraze 600 Kay Kote Ayisyen Abite


Drapo Peyi Bahamas
Drapo Peyi Bahamas

Nouvèl la fè konnen yon kominote imigan ayisyen ak desandan ayisyen, kote ou jwenn yon popilasyon ki monte rive 2 mil moun, ap kouri risk pou yo pa gen pyès kote pou yo rete akoz operasyon demelisyon sa a ke otorite bahameyen yo pwograme pou vandredi 7 me a.

Kèk espesyalis nan kesyon dwamoun lanse apèl, nan jounen vandredi 7 me 2021 an, pou yo mande gouvènman Bahamas la kanpe sou desizyon li anonse pou l demoli semèn sa a menm anviwon 600 kay nan 2 lokalite: youn rele Farm epi lòt la rele Farm Road. Yo tou le 2 sitiye sou zile Abaco.

Menm nouvèl la fè konnen yon kominote imigan ayisyen ak desandan ayisyen, kote ou jwenn yon popilasyon ki monte rive 2 mil moun --pami yo gen fnam ak timoun piti-- ap kouri risk pou yo pa gen pyès kote pou yo rete akoz operasyon demelisyon sa a ke otorite bahameyen yo pwograme pou vandredi 7 me a. Espesyalis nan kesyon dwamoun yo deklare:

“Degèpisman ak demolisyon pa lafòs sa a reprezante yon vyolasyon grav dwamoun manm popilasyon vize a ki gen dwa pou yo jwenn bon jan lojman, bon jan kote pou yo abite; si operasyon an dewoule, sa pral reprezante yon deplasman gwo ponyèt moun k ap viv nan peyi a pou fòse yo al rete yon lòt kote anndan Bahamas.”

Dokiman an ajoute:

“Pou mete absè sou klou, otorite Bahamas yo planifye pou yo fè operasyon degèpisman ak demolisyon sa a nan mitan pandemi KOVID-19 la, sa ki riske ekspoze yon popilasyon, ki te deja yon reprezante yon minorite vilnerab, anba tout kalite danje pou sante yo ak sekirite pèsonèl yo.”

Enfòmasyon an parèt nan bilten nouvèl Ajans Nasyon Zini pou Dwamoun ki baze nan vil Jenèv, nan Lasuis, vandredi 7 me 2021 an. Bilten an fini pa atire atansyon sou le fet ke pi fò nan moun ke operasyon an vize yo se moun ki pa genyen okenn lòt kote pou yo ale.

XS
SM
MD
LG