Mwayen Oryan
Baghdad: Premye Minis la Soti Vivan Apre yon Tantativ Asasina

Gouvènman Irakyen an fè konnen Premye Minis Mustafa al-Kadhimi soti vivan apre yon tantativ asasina ki fèt ak yon dron ki tap vole ak zam. Misye sen e sof.
Yon deklarasyon gouvènman an pibliye Dimanch (lè Irak) di ke dron nan eseye atake kay al-Kadhimi a, ki sitye nan Zòn Vèt Baghdad la ki gen gwo zam lou kap pwoteje'l.
Popilasyon Baghdad la tande bwi eksplozyon an epi zam kap tire nan direksyon Zòn Vèt la, kote anbasad etranje ak biwo gouvènman an sitye tou.
Deklarasyon ofisyèl la, ke ajans nouvel leta pibliye, di tantativ asasina a ki "fèt ak yon dron pyeje te vize rezidans premye minis la nan Zòn Vèt la."
See all News Updates of the Day
Izrayèl: Depatman Deta byen Akeyi Desizyon pou fè yon Kanpe sou Refòm nan Jistis Peyi a

Pòtpawòl Depatman Deta, Vedant Patel, deklare Etazini byen akeyi anons sila kote otorite yo deside pran yon poz nan refòm yo te vle fè nan jistis peyi a pou yo kapab jwenn yon konpromi.
Nan yon konferans pou laprès, Mesye Patel pale tou sou kesyon Rahul Gandhi, yon gwo tèt nan Pati Kongrè a ke yo mete deyò nan chanm depite palman endyen an ak plan Larisi pou deplwaye zam nikleyè "taktik" nan Byelorisi.
- Serge Michel
Izrayèl: Prezidan Herzog Mande Netanyahu Pou Abandone Plan pou fè Gwo Refòm nan Sistèm Jistis Peyi a

Prezidan israelyen Issac Herzog pale lendi a ak Premye-minis Benjamin Netanyahu pou mande li abandone plan pou fè gwo refòm nan sistèm jistis peyi a, pandan pi gwo sendika pwofesyonèl peyi a ap fè grèv pou pwoteste kont chanjman ke gouvènman an pwopoze yo.
Herzog poste yon Tweet ki di sekirite Irael, ekonomi li ak sosyete li, yo tout anba menas, e ke, pou tout peyi a fè yon sèl, gouvènman an dwe “sispann touswit travay ke palman an ap fè sou kesyon jistis la.”
Li ekzòte palmantè nan ni koalisyon ki sou pouvwa a ni oppozisyon an pou yo mete Israel anvan tout bagay, kote li di se yon moman pou otorite yo jwe wòl yo kòm lidè e pran responsablite yo.
Anplis de gwoup sendika Histadrut ki nan grèv, yon gwo sendida doktè anonse tou yo sispann travay pou pwoteste kont gwo-pase men ki ap fèt nan sistèm jistis la, e vòl depa avyon nan prensipal ayewopò peyi a kanpe.
Netanyahu Revoke Minis Defans la, Pèp Israelyen Pran Lari

Premye Minis Israelyen an Benjamin Netanyahu revoke minis defans peyi a apre misye lanse apèl bay lidè a pou l fè refòm nan sistèm jidisyè a.
Plan an soulve pwotestasyon ak manifestasyon toupatou epi ankouraje Minis Defans sòtan Yoav Gallant pran la pawòl Samdi kont chanjman sa yo.
Nan yon deklarasyon brèf li fè Samdi, biwo Netanyahu di premye minis la revoke Gallant. Gouvènman Netanyahu a ap pouse pou pi devan ak yon vòt nan palman an semèn sa a sou gwo plan refòm nan - yon lwa ki ta bay kowalisyon ki kontwole pouvwa a dènye mo sou tout nominasyon jidisyè yo.
Kont politik la menase pou l vinn pi grav epi deklanche yon kriz konstitusyonèl.
Yon Dronn ke Iran Fabrike, Dapre sa Otorite Ameriken yo Sispèk, Touye Travayè Ameriken nan Siri

WASHINGTON (AP) — Pentagòn fè konnen yon atak ak dronn ke Iran fabrike, dapre sa otorite ameriken sispèk, touye, jedi, yon kontraktè ameriken e blese 5 militè Ameriken ak tou yon lòt kontraktè nan nòdès Siri.
Fòs Ameriken yo di ke yo tire revanj tousuit apre yo te lanse yon "frap aeryen ak presizyon" nan peyi Siri ki te vize yon gwoup ki afilye ak Gad Revolisyonè Iran an, ak yon gwoup aktivis.
Atak sa yo kapab ogmante tansyon nan rejyon Mwayenn Oryan an. Iran ak Siri pa di touswit ke yo okouran atak yo.
Sepandan, yon gwoup aktivis di atak ayeryen ameriken yo touye 11 konbatan ke Iran appiye nan Siri tousuit apre atak dronn nan.
- Ekip Sèvis Kreyòl VOA
VOA Kreyol sou Plas an Irak pou 20 Anivèsè Envazyon Fòs Koalisyon an Irak
20 mas 2003 –20mas 2023 sa fè 20 tan depi yon fòs koalisyon anvayi peyi Irak e dechouke lidè irakyen an Saddam Hussein. Nou gen sou plas nan vil Baghdad, Philip Crowther.
Facebook Forum