Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Eleksyon yo Ki te Ranvwaye Pandan Plizyè Fwa Resi Ap Dewoule


Moun ki kanpe nan liy pou vote nan eleksyon yo nan Petion-Ville nan Pòtoprens, Ayiti, 20 novanm, 2016.
Moun ki kanpe nan liy pou vote nan eleksyon yo nan Petion-Ville nan Pòtoprens, Ayiti, 20 novanm, 2016.

Eleksyon prezidansyèl yo ann Ayiti finalman ap dewoule dimanch 20 novanm 2016 la apre yo te anile pou yon lòt fwa nan mwa oktòb pase a akoz dega pasaj siklòn Matthew nan rejyon Karayib la.

Votè ki ap chache non yo nan lis biwo kote yo sipoze vote a. 20 novanm, 2016
Votè ki ap chache non yo nan lis biwo kote yo sipoze vote a. 20 novanm, 2016

Aviwon 6 milyon ayisyen enskri pou al vote pou youn nan 27 kandida alaprezidans yo ak pou yo eli rès palmantè ki manke nan 2 chanm yo.

Selon nouvèl yo, toupatou nan peyi a, anpil elektè pran wout biwo vòt yo kote yo kanpe nan liy ak pasyans jiskaske yo rive antre pou jete bilten vòt yo.

Yon machan kannn ak yon kliyan nan lari akote postè pou kandida pou pòs prezidan Jovenel Moise PHTK (Pati Tèt Kale ) yon jou avan eleksyon yo nan lari nan Lèkay, Ayiti, 19 novanm 2016.
Yon machan kannn ak yon kliyan nan lari akote postè pou kandida pou pòs prezidan Jovenel Moise PHTK (Pati Tèt Kale ) yon jou avan eleksyon yo nan lari nan Lèkay, Ayiti, 19 novanm 2016.

Ayisyen yo espere nouvo prezidan an pral mete fen nan yon peryòd ensètitid, epi ini nasyon an e kreye travay. Anpil moun ann Ayiti ki te viktim nan tranblemandtè 2010 la ak dènye move tan ak inondasyon an kontinye ap soufri.

Kandida pou pòs prezidan Jude Celestin sou pati LAPEH a, ap salye sipòtè li yo apre li te sot vote nan Petion-Ville, Pòtoprens, Ayiti, 20 novanm, 2016.
Kandida pou pòs prezidan Jude Celestin sou pati LAPEH a, ap salye sipòtè li yo apre li te sot vote nan Petion-Ville, Pòtoprens, Ayiti, 20 novanm, 2016.

Pami kandida yo nou jwenn:

Jude Celestin ki nan pati LAPEH, youn nan kandida alaprezidans nan eleksyon anile oktòb pase a; Maryse Narcisse, youn nan 2 fanm ki kandida yo, se te pòtpawòl pati ansyen prezidan Jean Bertrand Aristide la, Fanmi Lavalas. Ansyen Prezidan Aristide k ap sipòte Madam Narcisse mande patizan li yo pou yo pran lari si kandida pa li a echwe nan eleksyon an.

Jovenel Moise, ke moun rele Nèg Bannan nan, ki se pwopriyetè e kiltivatè plizyè chan bannann, se kandida pou pòs prezidan anba banyè pati politik Tèt Kale (PHTK). Se anba banyè PHTK Michel Matelly te mennen kanpay pou l te vin prezidan peyi D Ayiti an 2011.

Ansyen prezidan Michel Matelly ki tap sipòte kadidati Jovenel Moise kòm pwochen prezidan pat rive wè eleksyon an rive nan bout li sou gouvènman li an pou l te ka pase pouvwa a bay pwochen eli a. Paske lòt kandida ak kèk pati politik te konteste rezilta vòt prezidansyèl KEP nan epòk la te pibliye.

Men avèk 27 kandida li difisil pou yon sèl moun rive genyen majorite absoli a pou l pase nan eleksyon yo depi nan premye tou a.

Yon gwoup espesyalis nan BRIDGE reyalize yon dènye sondaj ki montre kandida PHTK Jovenel Moise gen plis chans pou l ta pase nan eleksyon an. Sepandan lòt rapò fè konnen pa gen konfyans nan chif sa yo akoz pa gen yon sant ki kapab reyalize bon jan sondaj ann Ayiti.

XS
SM
MD
LG