Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Yon Nouvo Kabinè Ministeryèl ak Anpil Nouvo Non, 9 Fanm ak 9 Gason


Nouvo Premye Minis Nome Ayisyen an, Fritz Michel William. Foto : VOA Creole, 24/07/19
Nouvo Premye Minis Nome Ayisyen an, Fritz Michel William. Foto : VOA Creole, 24/07/19

Premye Minis nonmen Fritz William Michel pibliye lis kabinè Ministeryèl nouvo gouvènman an ak absans tout ansyen manm gouvènman ansyen Premye minis Jean Henry Ceant an.

Kèk nouvo minis ki te fè pati kabinè ansyen premye minis nome Jean Michel Lapin fè pati nouvo kabinè a. Nouvo Premye Minis nome an Fritz William Michel ki gen 38 tan, pibliye lis kabinè a kèk èd tan apre li fin depoze pyès li devan chanm depite a pou konnen si wi ou non li kalifye pou l dirije pwochen gouvènman an apre 2 chanm yo ratifye enonse politik jeneral li.

Predesesè li Jean Michel Lapin --premye minis nome ki te ranplase Mèt Jean Henry Céant apre vòt ranvwa Chanm depite a --pat janm rive jwenn ratifikasyon li nan Palman an kote 4 senatè opozisyon yo te fè tout sa yo kapab pou bòykote seyans yo.

Plizyè palmantè eksprime dezakò yo ak Prezidan Jovenel Moïse ke yo mande pou bay demisyon. Sepadan patizan pouvwa a di yo menm se nan eleksyon pou moun pran pouvwa e ke prezidan Jovenel Moïse te eli pou 5 kan e li dwe fè tout manda l.

XS
SM
MD
LG