Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Yon Palmantè Mande Gouvènman an Pou l Chanje Imaj Vil Gonayiv


Nan Gonayiv, reprezantan vil la, Pastè S. Dieudoné, prezante yon kaye dechaj revandikasyon nan kad yon lèt tou louvri palmantè a ekri Prezidan Michel Martelly ak Premye Minis Garry Conille nan lide pou refè imaj vil Gonayiv.

Palmantè a kritike seryezman Gouvènman an plas la ki, daprè li, pa soti pou fè anyen pou vil Gonayiv la. Divès sektè nan Site Lendepandans la kòmanse siyen lèt sa a pou voye bay chèf leta Ayisyen, Michel Martelly. Pastè Dieudoné egzije pou Leta ayisyen rekonstwi pò Gonayiv lan, lopital depatmantal, La Pwovidans, prizon sivil la, yon pis daterisaj, konpleks administrativ ak rekonstriksyon mache piblik Gonayiv la.

Yon lòt kote, depite Plato Santral la, Abel Descollines, anonse la Frans ak Espay ap patisipe nan konstriksyon yon sant Invèsitè Politeknik nan Mirbalè an 2012. Ministè travo piblik gen pou l lanse apèl dòf la nan dat 15 desanm k ap vini la a pou rekonstriksyon pon Laplèn nan kòmanse.

Klike sou lyen ki nan kòmansman atik la pou w koute repòtaj jounen 12 desanm 2011 la.

XS
SM
MD
LG