Plizyè manm sosyete sivil la ann Ayiti dakò pou yo kontinye mete presyon sou prezidan René Préval pou fòse l chita pale ak opozisyon an nan kad òganizasyon eleksyon yo. Korespondan nou nan Pòtoprens, Rotchild Francois Jr, di nou pastè Edouard Paultre, yon manm sosyete sivil la fè deklarasyon sa a avan yo fè manifestasyon nan jounen madi a.