Accessibility links

Breaking News

Nasyonzini Lanse yon Apel pou Kolekte 100 Milyon Dola pou Ede Viktim Siklòn Matthew yo ann Ayiti


Dega Siklòn Matthew fè nan Jeremi, Ayiti. Foto: 6 oktòb, 2016.
Dega Siklòn Matthew fè nan Jeremi, Ayiti. Foto: 6 oktòb, 2016.

Nasyonzini ap chache plis pase 100 milyon dola fon asistans an favè plizyè santèn milye ayisyen ki viktim pandan pasaj siklòn Matthew nan Karayib la semèn pase a.

Plizyè santèn moun pèdi lavi yo ann Ayiti san bliye plizyè dizèn lòt nan rejyon Karayib la ak kèk lòt nan zòn kot Sidès Etazini. Ann ayiti, wout yo ki koupe anpeche asistans imanitè rive nan zòn afekte yo.

Dapre yon deklarasyon Direktè Biwo Kòwòdinasyon Afè Imanitè (OCHA), “Gouvènman ayisyen an ak ekip imanitè yo di yo bezwen asistans imedyat pandan 3 pwochen mwa yo pou pwoteje lavi 750 mil moun sou yon total 1 milyon 400 mil ki nan bezwen.” Fen Sitasyon.

Moun ki sinistre apre pasaj siklòn Matthew yo ann Ayiti zòn Okay Sid Ayiti, 7 Oktòb 2016
Moun ki sinistre apre pasaj siklòn Matthew yo ann Ayiti zòn Okay Sid Ayiti, 7 Oktòb 2016

Dapre Misye Miller, fon sila a pral sèvi pou achte manje, dlo, ak abri pwovizwa pou pati nan popilasyon ki nan nesesite. Anbasadè ayisyen nan vil Jenèv an Swis, Pierre Andre Dunbar, di sitiyasyon an grav anpil nan zòn sinistre yo.

Asistans pou viktim siklòn Matthew yo yon òganizasyon ki rele Samaritan's Purse International pote nan ayopò Toussaint Louverture Pòtoprens , Ayiti, 6 Oktòb, 2016
Asistans pou viktim siklòn Matthew yo yon òganizasyon ki rele Samaritan's Purse International pote nan ayopò Toussaint Louverture Pòtoprens , Ayiti, 6 Oktòb, 2016

9 oktob 2016 la, responsab MINUSTAH, Sandra Honore, ki t ap vizite zòn sinitre yo te deja anonse nan vil Jeremi, “Nasyonzini pral lanse yon apel pou kolekte fon pou ede viktim siklòn Matthew yo ann Ayiti.”

XS
SM
MD
LG