Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Sena a Mande Ekzekitif la pou l Pa Pibliye Rapò CSS la sou Salè Ouvriye Faktori yo


Manifestasyon ouvriey faktori yo nan Pòtoprens.
Manifestasyon ouvriey faktori yo nan Pòtoprens.

Nan yon rezolisyon ki pote siyati plizyè senatè e ki date 11 jiyè 2017, palmantè yo nan Gran Kò a mande Prezidan Repiblik la, Jovenel Moise, pou pa pibliye rapò Konsèy Siperyè Salè a ki pwopoze yon ajisteman 35 goud sou kòb ouvriye faktori konn touche ki se 300 goud. Pandanstan, travayè faktori yo ki mekontan kontinye manifeste nan Pòtoprens pou mande yon ogmantasyon 800 goud.

Senatè yo mande pouvwa ekzekitif la pou l re-evalye rapò a avèk sipò ekspè nan domèn makwo–ekonomi nan peyi a pou gade si li reponn ak nòm e ak kondisyon travay ouvriye faktori yo. Yo mande Prezidan peyi a pou l pran yon desizyon rapid pou rezoud pwoblèm salè a yon fason pou frennen an avans konfli ki kapab devlope ant ouvriye yo ak patwon yo.

Pami Senatè ki siyen rezolisyon an genyen: Senatè Antonio Cheramy, Evallière Beauplan, Renel Cassy, Youri Latortue, Ricard Pierre, Dennis Cadeau, Dieudonne Luma Etienne, Jean Marie Junior Salomon, Dieupie Cherubin ak Jean Renel Senatus.

XS
SM
MD
LG