Accessibility links

Breaking News

Sekretè Jeneral OEA a Mande Kominote Entènasyonal la Pou l Renouvle Angajman l Bay Ayiti

Sekretè Jeneral OEA a Mande Kominote Entènasyonal la Pou l Renouvle Angajman l Bay Ayiti
Sekretè Jeneral OEA a Mande Kominote Entènasyonal la Pou l Renouvle Angajman l Bay Ayiti

Jedi 12 Janvye 2012 la fè de zan depi yon tranblemanntè te lakoz plizyè santèn milye moun pèdi lavi yo epi lage plis pase yon milyon kretyen vivan san kay pou yo rete nan peyi Dayiti.

Sekretè Jeneral OEA a, Jose Miguel Insulsa, lanse apèl bay kominote entènasyonal la pou mande yo reyoryante e repanse efò ko-òdinasyon èd y ap pote bay Ayiti.

Li mande yo tou pou yo travay ak gouvènman ayisyen an e rekonèt otorite konsène yo. Dirijan OEA a deklare menm si gen kèk pwogrè ki fèt ann Ayiti apre tranblemanntyè a, yon meyè ko-operasyon kapab amelyore sitiyasyon an pi plis toujou.

XS
SM
MD
LG