Accessibility links

Breaking News

Vis-Prezidan Sena a, Jean-Marie Salomon, Mande Entèvansyon Kominote Entènasyonal la devan Gravite Sitiyasyon an ann Ayiti...


Nan yon entèvyou Vis Prezidan Sena Repiblik d Ayiti, Jean-Marie Salomon, bay Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la, li lanse apèl kote li mande kominote entènasyonal la prese entèveni nan sitiyasyon grav k ap devlope ann Ayiti a pou evite yon katastwòf nasyonal.
Entèvyou sa a fèt "live" nan pwogram TV Lavwadlamerik ki pase a 4:00PM nan jounen madi 20 novanm 2018 la. Si palmantè wo-plase a pran lapawòl "live" nan pwogram nan, sa vle di li vle atire atansyon sou karaktè ijan sitiyasyon ki prezante aktyèlman nan peyi a.
Misye Salomon ensiste pou l di reyalite a tèlman grav, PNH (Polis Nasyonal d Ayiti) depase pa reyalite a. Li menm pale de prezans kèk mèsenè etranje ki ta responsab plizyè lanmò ak blese. Senatè Salomon bay kòm egzanp sitiyasyon an nan vil Okay kote "nèg ame ap mache dazame gad sekirite nan mache, nan boutik, tout kote" nan vil la.
Daprè palmantè a, sitiyasyon an tèlman grav, peyi a kapab twouve l arebò yon lagè sivil. E li ensiste sou nesesite ki genyen, daprè li, "pou kominote entènasyonal la entèveni" nan sa k ap pase ann Ayiti a.
"Yon fason oubyen yon lòt, fòk sitiyasyon sa a jwenn yon solisyon. Kit Prezidan Jovnèl Moyiz dwe demisyone pou sitiyasyon an rezoud, se pou l demisyone..." daprè sa Senatè Jean-Marie Salomon deklare sou Lavwadlamerik.
XS
SM
MD
LG