Accessibility links

Breaking News

Ayiti Revele yon 'Kokenn Chen' Pèt $4M nan Kowipsyon


Yon dam ak pitit li pase bo kote barikad manifestan mete pou bare lari pandan yon manifestasyon pou mande demisyon premye minis Ariel Henry, 28 Jiye, 2022.

Yon teren foutbòl te finanse men li pat janm bati. Yon lekòl volè resous etidyan yo. Yon majistra te jere yon vil depi kay manman ni epi evite peye taks sou pwopriyete li.

Responsab Ayisyen yo di sa yo ak dè douzèn lòt zak koripsyon koute gouvènman Ayisyen an yon "pèt kolosal" de 500 milyon goud ($4 million) nan yon epòk kote enfrastrikti leta a ap efondre epi enstabilite politik la ak la mizè ap vinn pi grav chak jou.

Se inite koripsyon gouvènman Ayisyen an ki pibliye akizasyon sa yo Jedi. Direktè Jeneral inite a, Hans Joseph, pwomèt pou'l pousuiv devan la jistis moun kap eseye avili trezò leta epi toufe jefò ekonomik ak sosyal peyi a.

Vandredi, yon responsab jidisyè di Associated Press li pral aji sou rezilta ankèt yo mennen an.

Jacques Lafontant, Komisè gouvènman Pòtoprens la di Associated Press li pral pase lòd pou tout sa ki nomen nan rapò a konparèt devan yon jij. Li ajoute pwosè a pral tanmen san okenn delè.

Rapo 30 paj la, ke yo pibliye, bay rezime ankèt ki dire lontan ke ajans Joseph la te lanse epi li bay piblik la yon ide de koripsyon ki egziste toupatou ann Ayii, kote plis pase 60% 11 milyon abitan yo ap redi pou siviv.

Ajans la pousuiv 10 ankèt ki pa lye youn ak lòt, kote yo jwenn koripsyon nan 2 lekòl, 3 biwo majistra ak 3 ajans gouvènmantal.

Yon panorama vil Cap Haitien, Ayiti, Vandredi 5 Out, 2022.
Yon panorama vil Cap Haitien, Ayiti, Vandredi 5 Out, 2022.

Li akize direktè jeneral Lotri Nasyonal Ayiti dèske li detounen plis pase 41 milyon goud ($300,000) ak asistans frè li - yon pwofesyonèl kap travay nan domèn dwa - epi li pat chaje konpayi dwa operasyon ki te lakoz trezò piblik la pat touche 269 milyon goud (plis pase $2 milyon) nan lajan yo te dwe'l.

Met sou sa, rapò a jwen iregilarite ak kat debi Polis Nasyonal Ayiti te bay anplwaye li yo. Li fe remake gen moun yo te revoke ki te jwenn benefis ilegalman e sa te lakoz leta pèdi plis pase 18,2 milyon goud ($140,000) pandan yon peryod 3 mwa.

Rapo a akize tou ansyen majistra vil Ti Gwav, dèske li detounen prèske 12,8 milyon goud (plis pase $98,000) ki te sipoze finanse plizyè pwojè.

Ansyen responsab la te tabli otèl de vil la lakay manman li epi mete tèt li nan yon sityasyon kote li te nesesè pou chwazi ant pwoteksyon enterè biwo majistra a ak enterè manman li, dapre rapò a. Li akize misye kòm kwa li pat peye enpo sou pwopriyete a epi di gen lajan ki disparèt nan kont yo sèvi pou peye anplwaye yo.

Ansyen majistra vil Anse Rouge nan nò a anba akizasyon dèske li te kreye plis pase 24 fo anplwaye epi voye chèk yo bay kontab vil la. Met sou sa, rapò a di pa gen okenn prèv dèske 5 swadizan pwojè sanitè ki te jwenn 835,000 goud finansman($6,400) te reyalize e ke pa gen okenn prèv ke 595,000 goud ($4,500) gwoup asistans entènasyonal Oxfam te ofri pou achte petwòl, te sèvi pou sa vreman.

Toujou nan rejyon nò a, ansyen majistra Saint-Raphael anba akizasyon kòm kwa li te peye yon konpayi plis pase 2 milyon goud ($15,000) pou yon teren foutbòl ak sant lekti ki pat janm konstwi. Ajans anti-kowipsyon an di li eseye jwenn resonsab konpayi a men adrès yo bay la pa egziste.

Ajans la akize ansyen direktè yon lekòl nan Maissade, nan rejyon santal Ayiti dèske li detounen plis pase 2 milyon goud ($15,000) epi di te gen sèlman 735 elèv ki te enskri nan lekòl la malgre li dokiman li yo di se 1,004 elèv ki anrejistre nan lekòl la.

Joseph di, malgre "diferans striktirèl Ayiti yo" li espere gouvènman an ap kapab rekipere byen sa yo epi pini komsadwa moun li dekri tankou "enmi pèp la."

XS
SM
MD
LG