Nan peyi Dayiti, peryòd pòs-elektoral la kontinye domine aktyalite a, kote chak kandida ap kriye viktwa.
Tansyon an ap monte toupatou nan peyi a, sitou nan kapital la, nan moman rete 3 jou sèlman pou delè Konsèy Elektoral Pwovizwa a genyen pou l pibliye rezilta yo, rive nan bout li.
Chak nan kandida yo pa sispann di se li ki ranpòte laviktwa, menmsi lwa elektoral la entèdi yo fè sa.
Li bon pou n raple tou lwa a prevwa yon peryòd kontestasyon 10 jou anvan piblikasyon ofisyèl final rezilta yo. Anfen, nan moman responsab yo kontinye konte vwa yo nan Sant Tabilasyon an, yon gwoup militan dwazimen (Aksyon Entènasyonal pou Defans Dwamoun) lanse apèl bay ofisyèl Konsèy Elektoral la pou yo fè yon jan pou operasyon dekont vwa yo fèt avèk plis transparans.