Korespondan nou nan Wanament, pati nò fwontyè ant Ayiti ak Repiblik Dominikèn, Rolex Mompremier, di nou sitiyasyon an pa amelyore pou sa ki konsèse sikilasyon moun ak byen ant 2 kominote yo, pi presizeman ant moun kap viv nan Wanament, ann Ayiti, epi Dajabòn, nan Repiblik Dominikèn.
SITIYASYON AN NAN PATI NO FWONTYE A
Nan yon entèvyou ak kòlèg nou Jean-Pierre Leroy, Mompremier fè konnen kontwòl la vin pi sere ke anvan bò kote Panyòl yo, ki ajoute anviwon 60 sòlda sou yon efektif yo te deja ogmante pou siveye pasaj ant 2 vil yo epi evite kontrebann. Malgre sa, gen pwodui ki pase kanmèn sòti yon bò pou ale lòt bò fwontyè nan zòn ki pa gen siveyans yo. Rolex Mompremier ensiste sou, antwòt, prezans anvyon dominiken nan syèl Wanament e li poze kesyon pou l mande rezondèt prezans avyon sa yo.
Bò kote ayisyen an –toujou sou pati nò fwontyè a- si efektif Poli-Front la (Polis Fwontyè) pa ogmante, aktivite kontwòl yo vin pi dri e moun kap viv nan Wanament yo sitou santi plis efè disuazyon an –sètadi yo konsate vizibleman rezilta efò responsab sekirite sou fwontyè a ap fè pou yo evite derapaj ant resòtisan 2 pèp yo.
SITIYASYON AN NAN PATI SID FWONTYE A
Pandansetan, nan Ans-A-Pit, popilasyon an, menm jan ak dominiken kap viv an fas yo nan Pedrenales, pa sispann plenyen pou yo denonse absans echanj komèsyal ant 2 kominote yo depi plis pase 2 semenn – pi presizeman depi Panyòl yo te obliye Ayisyen yo retounen nan peyi yo apre lanmò yon koup dominiken ki, daprè plent Panyòl yo pote, ta mouri anba men 3 ayisyen; youn nan Ayisyen sa yo twouve l nan men lajistis nan Jakmèl, prensipal vil nan Depatman Sidès la kote otorite Pakè a pa deside satisfè yon demand dekstradisyon ofisyèl Dominiken yo fè si yo pa satisfè kèk kondisyon.
VI KOMESYAL LA NAN ANS-A-PITRE AK PEDERNALES
Plizyè medya dominiken atire atansyon sou yon gwo bès komèsan Pedernales yo anrejistre nan lavant pwodui yo akoz absans kliyan ayisyen yo. Jounal dominken Hoy ekri nan weekend nan yon atik sou sitiyasyon ekonomik la nan Pedernales avek tit:
“Pedernales ap fè fas ak yon Kriz Grav Akoz Absans Migran Ayisyen yo.“
Dapre jounalis ki siyen atik sa a, Juan Ramirez, “Pwovens Perdernales ap fè fas ak pi gwo kriz ekonomik nan tout istwa li depi dat 12 jen pase a, kote Ayisyen yo te patikite vil la. “ Jounalis la fè konnen otorite minisipal yo (lamèri) ak komèsan yo konfime sitiyasyon an kote vant yo desann jiska mwens ke 20 pousan sa yo te ye anvan kriz la te kòmanse.
Kant a pou Ans-A-Pitre, majistra kominal la, Luis Felix Matos, deklare sitiyasyon an pran yon viraj trè difisil nan jou 8 ki pase yo. Misye Matos fè previzyon e li lanse avètisman pou l di, apati de semèn sa a pèp la kapab pran lari pou l denonse absans aksyon gouvènman an devan kriz la ki gen sous li nan eliminasyon echanj komèsyal yo ant Ayiti ak Repiblik Dominikèn.