Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Politik: Pwotestasyon Jou Anivèsè Lanmò Dessalines ak Egzijans Limyè sou "Kòb PetroCaribe a"


Ann Ayiti otorite wo plase nan Polis Nasyonal la di yo deja pran tout dispozisyon pou yo anpeche zak kraze-brize ki ta ka dewoule nan peyi a -sitou nan kapital la, Potoprens- pandan jounen mekredi 17 Oktòb la nan okazyon manifestasyon plizyè gwoup sitwayen anonse nan kad mouvman "Defi PetroCaribe a" kote yo vle fè vwa yo sonnen byen fò pou make anivèsè lanmò fondatè nasyon an, Jean-Jacques Dessalines. Michel-Ange Gédéon, chèf Polis Nasyonal la, fè tande vwa l nan yon anons-avètisman ou ka tcheke pi ba a.

Kòmandan Michel-Ange Gédéon, chèf Polis Nasyonal d Ayiti.
Kòmandan Michel-Ange Gédéon, chèf Polis Nasyonal d Ayiti.

Anons-Avètisman PNH (Polis Nasyonal d Ayiti). Vwa chèf polis la, Michel-Ange Gédéon.
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:10 0:00

Nan jounen madi 16 oktòb la, swa yon jou avan komemorasyon lanmò Pè Fondatè peyi a, Jean Jacques Dessalines, plizyè sitwayen leve-kanpe nan kèk zòn nan Pòtoprens pou yo kontinye mande otorite yo fè limyè sou itilizasyon "Lajan PetroCaribe a".

Pwotestasyon nan Pòtoprens madi 16 oktòb 2018 la pou make anivèsè lanmò Lanprè Desalin e reklame "Lajan PetroCaribe a."
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:04 0:00

Mouvman pwotestasyon sa a te paralize anpil katye nan kapital la --pami yo genyen Lalue, Magloire Amboise ak Avni Christophe. Non mouvman an se: “Veye PetroCaribe”. Klike sou lyen anlè a pou w tande kèk nan moun ki t ap pwoteste yo.

XS
SM
MD
LG