Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Pwoblèm Pou Ofis Nasyonal Idantifikasyon an (ONI)


Ofis Nasyonal Idantifikasyon an (ONI) mande otorite yo pou ba l asistans ki nesesè pou l satisfè demand elektè ki vle patisipe nan pwochen eleksyon yo.

Daprè responsab ONI yo, enstitisyon sa a ap fè fas ak anpil difikilte akoz gwo kantite moun ki prezante chak jou pou yo jwenn kat idantifikasyon yo; paske, akoz anpil biwo segondè ki te kraze nan tranblemanntè a ni nan Pòtoprens ni nan pwovens, kantite sitwayen ki vini chache kat yo nan biwo santral la, ogamante plizyè fwa la valè e ONI pa gen mwayen ase pou l fè fas a sitiyasyon sa a.

Anfen, pwosesis elektoral la kontinye pwovoke reyaksyon divès sektè nan peyi a.

Korespondan nou yo atravè Ayiti devlope nouvèl sa yo pou nou.

Klike sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou w koute repòtaj VOA kreyòl pou jounen 18 out 2010 la

XS
SM
MD
LG