Accessibility links

Breaking News

Apèl Prese-Prese pou Prezidan Privert Jwenn yon Solisyon pou Kriz Elektoral la


Prezidan pwovizwa peyi d Ayiti a, Jocelerme Privert (gwo plan).
Prezidan pwovizwa peyi d Ayiti a, Jocelerme Privert (gwo plan).

Dirijan òganizasyon “Inisyativ Sosyete Sivil”, Pwofesè Rhosny Desroches, lanse yon apèl bay ni Prezidan Jocelerme Privert, ni palman an, pou l mande yo prese chache jwenn yon solisyon pou kriz ekektoral la anvan 14 me pwochen an, dat kote yon nouvo prezidan eli ta dwe antre an fonksyon, daprè Akò 5 Fevriye 2016 la.

------------------------------------------------------------

Lidè pati politik LAPEH (Ligue Alternative pour le Progrès et l’Emancipation d’ Haiti), ansyen senatè Jean Hector Anacacis, lanse bay Prezidan Privert yon apèl kote li mande lidè ayisyen an pran responsablite li nan rechèch solisyon pou kriz elektoral la. Misye Anacasis blame prezidan an dèske li ta genyen yon konpòtman twò pasif vizavi depite ak senatè yo nan yon pwen kote sanble, daprè ansyen senatè a, yon moun kapab di “se palman an kap jwe wòl pouvwa egzekitif la.”

NOUVEL AYITI POU MADI 26 AVRIL 2016 LA - VWA: MARIE-LUCE PIERRE & LYONEL DESMARATTES
please wait

No media source currently available

0:00 0:10:06 0:00

Nan yon nòt pou laprès ki sòti nan biwo pòtpawòl Sekretè Jeneral Oganizasyon Nasyon Zini an, nan New York, Ban Ki-moon fè konnen opinyon li sou kriz elektoral la nan peyi d Ayiti:

“Se avek anpil kè-sote Sekretè Jeneral la konstate dat 24 avril –yon dat Akò 5 fevriye a te fikse pou eleksyon dewoule ann Ayiti- pa respekte nan moman responsab yo pa anonse yon lòt altènativ pou kalandriye elektoral la. Sekretè Jeneral la repete gwo apui li pou reyalizasyon suit eleksyon ki te kòmanse an 2015 yo san okenn lòt reta, e li lanse apèl bay tout aktè Ayisyen yo pou yo chache garanti yon retou rapid lòd konstitusyonèl la... paske peyi a pa ta dwe pran chans antre nan yon peryòd kote li gen yon gouvènman tranzisyon pwolonje, alòske lap fè fas ak kek defi sosyo-ekonomik e imanitè serye.

“Sekretè Jeneral la note entansyon ki genyen pou responsab yo mete sou pye yon komisyon pou evalye epi verifye eleksyon ki te dewoule an 2015 yo. Li ensiste sou nesesite pou yo fè pwosesis la abouti avèk ijans ki apwopriye a.

“Sekretè Jeneral la repete angajman Nasyon Zini pou l ofri apui total li bay pèp ayisyen an nan reyalizasyon aspirasyon demokratik li.”

----------------------------------------------------------

Patizan pati politik PHTK (Pati Ayisyen Tèt Kale) –ki te mete avèk divès gwoup alye li-- te pran lari nan vil Kap Ayisyen nan jounen lendi 25 avril 2016 la pou yo egzije piblikasyon kalandriye elektoral la ak depa Prezidan Jocelerme Privert poutèt “li pa òganize eleksyon nan dat 24 avril 2016 la”. Manifestan yo akize Misye Privert deske lap fè dilatwa (lap fè tan pase) yon fason pou l rete sou pouvwa a “aprè 14 me, dat Akò 5 Fevriye a fikse pou l bay palè nasyonal la.”

XS
SM
MD
LG