Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Prezidan Chanm Bas la Di Dat pou Premye Minis Nome a Vin Prezante Politik Jeneral li a Pa Chanje


Depite Gary Bodeau, Prezidan Chanm Depite a (Foto: Renan Tussaint/VOA).
Depite Gary Bodeau, Prezidan Chanm Depite a (Foto: Renan Tussaint/VOA).

Yon group depite nan opozisyon an mande prezidan chanm nan Gary Bodeau pou anpeche premye minis nonmen an Fritz William Michel vin fè enonse politik jeneral li la ann atandan limyè fèt sou plent yon KASEK depoze kont PM nonmen an.

Responsab KASEK Sous Matelas a, Pierre Joseph Jacquelin, konteste desizyon La Cour des Comptes et du Contentieux Administratif pran an favè Fritz William Michel 23 me 2019 la.

Kontestatè a di li gen yon pwoblèm ak Premye Minis nonmen an. Demand sa a fèt nan moman Konferans Prezidan yo nan chanm bas la fikse 23 out 2019 la kòm dat pou Premye Minis nonmen an Fritz William Michel vin fè enonse politik jeneral li.

Prezidan Gary Bodeau mete yon mesaj sou rezo sosyal Twitter pou l di dat 23 out pou seyans PM nan pa chanje.

XS
SM
MD
LG