Accessibility links

Breaking News

Pwosesis Mizannakizasyon Prezidan Jovenel Moise la Bloke nan Chanm Depite a


Manifestan devan palman ayisyen an ((Foto: Matiado Vilmé/VOA)
Manifestan devan palman ayisyen an ((Foto: Matiado Vilmé/VOA)

20 òm politik opozisyon an ap ogmante presyon an nan demach yo lanse pou yo jije Prezidan Jovenel Moise avèk posiblite pou palman an wete l sou pouvwa a. Se konsa politisyen sa yo ap fè egzijans pou dirijan Chanm Depite a mete a la dispozisyon yo kèk dokiman ki, daprè yo, kapab pwouve Misye Moise vyole konstitisyon an plizyè fwa.

Palmantè sa yo gen konviksyon 33 dokiman yo, ke yo te mande ofisyèlman nan dat 7 out pase a, genyen ladan yo prèv konsènan kontra ilegal, move itilizasyon lajan Leta avèk nominasyon otorite ki pa vo plas la oubyen ki kowonpi.

Depite Jean Marcel Lumérant, ki pale avèk Sèvis Krey

<<Pou moun k ap di Prezidan an pa t vyole konstitisyon an, nou genyen pou n pwouve yo anvan lontan li vyole maman lwa peyi a, e n ap mande pèp la pou l rete mobilize.>>

Depite Jean Marcel Lumérant (Foto; Matiado Vilmé/VOA)
Depite Jean Marcel Lumérant (Foto; Matiado Vilmé/VOA)

Pami dokiman 20 depite yo ap mande yo, genyen:

-Kontra ki te siyen avèk konpayi etranje –pou Leta te achte emkipman lou ak machin, men siyati akò sa yo, dapre kèk akizasyon, vyole règleman sou “Komisyon Nasyonal pou Tranzaksyon Piblik yo”…

-Yon kontra ki te siyen avèk Dermalog, youn nan prensipal konpayi alman sou kesyon biyometrik ki espesyalize nan sistèm idantifikasyon, pou l te pwodui pou Ayiti kad d’idantite nasyonal. Direktè Biwo Idantifikasyon Nasyonal la (ONI) te vwayaje ann Almay avek Premyè Dam nan, Marine Moise, pou l te siyen kontra a; men Madamm Moise pa genyen okenn kalite pou l siyen kontra nan non gouvènman an. An p;lis de sa, Madam Moise te pase lòd oou yo peye 8 milyon dola pou kontra a san konsantman Kou Siperyè dè Kont ak Mezantant Administratif la, jan konstitisyon an mande sa a.

-Yon kopi ekri seyans 14 jiyè 2018 la, kote ansyen Premye Minis Jacques Guy Lafontant te reponn konvokasyon pou l te konparèt devan palman an e reponn repwòch dèske li te nonmen 5 moun nan kabinè li a san respè pou règleman apwopriye yo. Konstitisyon an mande pou yon manm gouvènman an se sitwayen Ayisyen ki pa t janm renonse nasyonalite li pou l tounen sitwayen yon lòt peyi.

-Yon dekrè ki te mande nominasyon swadizan 50 jij “konwonpi”, nominasyon Prezidan an te anonse pandan li te nan yon peyi etranje.

-Dokiman ki gen rapò avèk yon ensidan ki te rive nan mwa mas 2019 la, avèk enplikasyon 4 sitwayen ameriken ak 2 moun peyi Lasèbi ki te anba men lapolis nan Pòtoprens. Yo t ap sikile avèk yon pakèt zam nan yon machin san plak ansanm avèk yon chofè ayisyen. Mesye sa yo ki, daprè sa moun te sipoze, sete mèsenè, te jwen liberasyon yo e yo te mete yo abò yon avyon ki ta prale Ozetazini san otorite yo pa t menm pote plent kont yo nan tribinal. Pi ta youn nan yo te di jounal Miami Herald li se yon ansyen espesyalis nan operasyon militè sekrè ameriken e li te ale ann Ayiti pou yon travay sekirite.

REZONDÈT DEMAND LA

Youn nan depite opozisyon an, Déus Déronneth, fè Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la konnen ke, lè yo va rann dokiman yo piblik, “moun pral wè poukisa prezidan an ak pati majoritè li a pè konsa, espesyalman depi yo te kòmanse fè moun konprann y ap konbat koripsyon.”

Depite Déus Déronneth (Foto: Renan Toussaint/VOA).
Depite Déus Déronneth (Foto: Renan Toussaint/VOA).

Pou kounyela a, palmantè yo gen aksè ak kèk nan dokiman yo gras ak mwayen ki pa ofisyèl; sepandan Depite Desonneth di y ap chache pase pa kanal ofisyèl pou evite tout tantativ ki ta fèt sou temwen yo pou yo pa fè depozisyon yo epi evite tou posiblite pou moun diskredite dokiman palmantè yo vle prezante kòm prèv yo.

An menm tan tou, anpil manm palman an ap goumen antre yo. Atmosfè tèt-anba sa a ak taktik pou bloke yon travay k ap fèt nan non lalwa, genyen konsekans grav sou peyi ki pi pòv nan Emisfè Oksidantal la. Nivo enflasyon an monte rive 18%, to chomaj la depase 13%, epi peyi a rete san yon premye minis 5 mwa apre Jean Henry Céant te bay demisyon li. Gouvènman Céant te tonbe nan mwa mas la apre yon vòt non-konfyans ki te dewoule nan chamm bas palman an: rezilta a sete 93 pou ak 6 kont.

Nan mwa jiyè a Prezidan Moise te nonmen Fritz William Michel, yon “parfait inconnu”, kòm premye minis. Men opozisyon an rive bloke tout tantativ pou palman an òganize yon vòt sou nominasyon sa a; yo ensiste sou sa yo konsidere kòm yon nesesite pou palman an trete dabò dosye “mizanakizasyon prezidan an”. Sou pwen sa a, Senatè Antonio Cheramy di Lavwadlamerik: “, Nou menm, palmantè opozisyon an, se pa chelbè n ap chache fè lè nou mande pou palman an avanse ak dosye mizannakizasyon prezidan an. N ap fè sa paske li pa sispann vyole konstitisyon an.”

Depite Gary Bodeau (Foto: Renan Tussaint/VOA).
Depite Gary Bodeau (Foto: Renan Tussaint/VOA).

Efò ki te fèt semèn pase a pou pouse pou pi devan avèk mizannakizasyon an te kanpe paske Prezdan La Chanm nan, Gary Bodeau, pa t pare pou l satisfè demand depite akizatè yo. Pwosesis la te fike pou l rekòmanse lendi 12 out la; men depite opozisyon yo fè konnen pa t genyen ase palmantè prezan pou yo te avanse avèk seyans yo. Depite pati majorite a, yo menm, deklare te gen 60 depite prezan e chif sa a te sifi, daprè règleman palman an; men opozisyon an te reklame prezans 81 depite pito.

Misye Bodeau di: << Kit se demand depite akizatè yo, kit se egzijans depite pati ki sou pouvwa a, genyen kèk bagay konstitisyon an garanti. Se nan yon repiblik n ap viv, yon peyi ki gen lwa, kote bagay yo dwe fèt ak lòd e disiplin; e non yon "repiblik bananyè" –menm si gen moun ki vle fè kwè peyi a se yon "repiblik bananyè".>>

Depite Abel Descollines (Foto: Renan Toussaint/VOA)
Depite Abel Descollines (Foto: Renan Toussaint/VOA)

Depite Abel Descollines (opozisyon) pa dakò ak Prezidan Bodeau. Misye Descollines di:

<< Ayiti se yon peyi ki fè fayit. Nou pa genyen ni yon prezidan, ni yon gouvènman. Nou pa genyen okenn enstitisyon responsab, e se sa ki ban nou pwoblèm. Se san regrè n ap pouse pou pi devan avèk mizannakizasyon an, paske se yon pwosesis konstitisyonèl e demokratik an menm tan. Abraham di “Sètase!” >>

XS
SM
MD
LG