Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Premye Minis Garry Conille Antre an Fonksyon Ofisyèlman


Nan yon seremoni ki dewoule nan Palè Nasyonal madi 18 oktòb 2011 la, Premye Minis Garry Conille pran fonksyon ofisyèlman.

Seremoni sa a te fèt an prezans, antwòt, Premye Minis sòtan an, Jean Max Bellerive, manm palman an ak kò diplomatik la.

Dr Conille pran tèt primati a 5 mwa apre Prezidan Michel Joseph Martelly te monte sou pouvwa a.

Klike sou flèch ki anlè atik la pou w koute korespondan nou nan Pòtoprens Rotchild Francois Junior.

XS
SM
MD
LG