Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Politik: Chwa Pwochen Premye Minis la Toujou nan Sant Aktyalite a


Nan yon entèvyou avèk Lavwadlamerik, Depite Pierre-Gilles Destiné, reprezantan sikonskripsyon Fonds Verrete-Ganther, fè konnen pwosesis chwa nouvo Premye Minis la pa ta dwe pran twòp tan ankò. Daprè li, li ta rezonab si Prezidan Jovenel Moise anonse non pèsonalite li chwazi a anvan fen semèn sa a. Men transkripsyon yon ekstrè nan dekarasyon Misye Destinè fè nan mikwo Serge Rodriguez:

“Pwosesis la pa ta dwe twò dire. Mwen konprann prezidan an dwe fè konsiltasyon, paske se youn nan demand sektè demokratik la; men sa pa ta dwe pran twòp tan. Dapre mwen, prezidan an ta dwe anonse chwa a semèn sa a menm, e konsiltasyon ta dwe fèt ant dirijan 2 chanm yo pou nou genyen yon gouvennman anvan lontan.”

Prezidan ayisyen an Jovenel Moise.
Prezidan ayisyen an Jovenel Moise.

Sou menm kesyon an, Minis Kominikasyon ak Kilti ayisyen an, Guy Delva, deklare, daprè li, Prezidan Jovenel Moise twouve li pi pre ke pi lwen yon chwa, lè li konsidere kantite konsiltasyon Chèf Deta a fè e avèk divès sektè sou dosye sa a ki tèlman enpòtan. Minis Delva, ki t ap reponn kesyon Lyonel Desmarattes, di lidè ayisyen an ap pran yon tan rezonab pou l konpare pwofil Premye Minis la ak sa ki di nan pwopozisyon li resevwa nan diferan konsiltasyon yo. Men yon ekstrè opinyon Minis Kominikasyon ak Kilti a genyen sou pwosesis la:

<< Anpil konsitasyon fèt deja avèk divès sektè. Baze sou rankont sa yo, m kapab di prezidan an pi prè ke li pi lwen chwa yon non, gras a konsiltasyon sa yo ak plizyè sektè ki diskite avèk li sou pwofil nouvo premye minis la epi detèmine ki moun ki koresponn evantyèlman ak pwofil sa a. Men prezidan an gen pou l pran tan ki nesesè pou l byen analize faktè yo, pou l vini ak moun kil fo a dekwa pou l pa nan rekòmanse a zewo. Se pousan Prezidan an vle pran yon tan rezonab pou l peze diferan pwopozisyon ki fèt, diskisyon ki fèt pou l chwazi yon moun ki kapab jwenn konsansis. Kèlkeswa moun nan, li pap janm ka jwenn “unanimite”; ap toujou gen moun ki dakò ak moun ki pa dakò; men fòk moun sa a kapab jwenn yon konsansis ki ase konsiderab, ki pèmèt li ka pale ak tout moun, pou l kapab dirije gouvènman an. >>

Opinyon Depite Pierre-Gilles Destiné ak Minis Kominikasyon ak Kilti ayisyen an, Guy Delva, sou pwosesis chwa nouvo Premye Minis la.
please wait

No media source currently available

0:00 0:04:34 0:00

Klike sou lyen an lè a pou w swiv yon repòtaj ki repwodui kèk nan deklarasyon Depiete Destiné ak Minis Guy Delva.

.

XS
SM
MD
LG