Premye Minis ayisyen an, Jn-Max Bellerive, manifeste enterè l pou li ta konsève pòs li, lè Michel Martelly enstale kòm Prezidan Ayiti nan mitan mwa Me a.
Sepandan, Prezidan eli a di li poko pran yon desizyon sou sitwayen l ap pwopoze bay lidè Palman an.
Rotchild François, Jr. di anpil analis yo souliyen ke chwa pwochen Chèf Gouvènman an gen yon enpòtans total-kapital pou reyisit pwogram Msye Martelly a.
Klike sou ikon ki anwo e adwat atik la pou w tande repòtaj Rotchild Francois Junior.