Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Pozisyon Sektè Sendikal la sou Dosye Premye Minis Deziye a


Nan Ba Plato Santral la, yon asosyasyon sendikal mande palmantè yo ak prezidan Michel Martelly travay ansanm pou yo pèmèt peyi a gen yon nouvo chèf gouvènman.

Asosyasyon an lanse apèl sa a nan moman lidè ayisyen an ap miltipliye kontak li ak dirijan palman an pou wè si yo va jwenn yon antant sou ratifikasyon Premye Minis deziye a, Avoka Bernard Gousse.

Yon lòt kote, machann nan Gonayiv pran lari jedi 21 jiyè 2011la pou yo leve lavwa e mande otorite yo reyalize pwomès yo te fè pou pote yo sekou kèk semèn aprè dife te pran nan mache lokal la e detwi tout machandiz yo te posede.

XS
SM
MD
LG