Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Politik: Moise Jean-Charles Egzije Kreyasyon Komisyon Evalyasyon Elektoral la. Sinon...


Presidential Candidate Moise Jean Charles
Presidential Candidate Moise Jean Charles

Ann Ayiti, lidè pati politik Platfòm Pitit Desalin e kandida a la prezidans Moise Jean-Charles di “rekreyasyon Privert la fini” e li lanse avètisman pou di kapab gen manifestasyon, “leve-kanpe” anvan lontan si gouvènman an pa fòme yon komisyon pou revize rezilta premye tou eleksyon prezidansyèl ki te dewoule nan fen ane pase a. Misye Jean-Charles –ki di li byen akeyi yon apèl Prezidan Privert lanse pou l mande “yon dyalòg nasyonal”-- poze kreyasyon komisyon sa a kòm kondisyon pou l aksepte apèl la.

NOUVEL AYITI POU MADI 5 AVRIL 2016 LA - VWA: MARIE-LUCE PIERRE, JEAN-PIERRE LEROY & LYONEL DESMARATTES
please wait

No media source currently available

0:00 0:09:47 0:00

Premye sekretè chanm bas la, Depite Abel Descollines (Plato Santral), anonse, nan jounen lendi 4 avril 2016 la, lachanm pral mete an aplikasyon yon seri de lwa ki deja vote men ki rete ap dòmi. Pami lwa sa yo genyen yon lejislasyon ki mande pou Leta ayisyen ekipe tout komin atravè peyi a ak zouti ki nesesè pou yo fè fas ak dife oubyen dezas natirèl. Misye Descollines fè anons la yon jou kote yon dife te fè gwo dega nan Petyonvil, ki alès Pòtoprens.

Senatè Youri Latortue (Depatman Latibonit) pale ak laprès nan jounen lendi 4 avril la poul reponn swa dizan akizasyon kòlèg Depatman Nòdès la, Jean-Baptiste Bien-Aimé, lanse pou di se daso Misye Latortue okipe pòs prezidan Komisyon Etik ak Anti-Koripsyon an nan Sena a. Senatè Latibonit la di se pa vre; li te monte nan plas sa a gras a yon konsansis ki te fèt nan yon sesyon kote Senatè Bien-Aimé te absan. Youri Latortue lanse apèl bay kòlèg Nòdès la pou l menyè prezante nan seyans yo.

Si vwa kontinye leve ann Ayiti kou nan diaspora a pou eksprime dout sou kapasite nouvo ekip gouvènmantal la pou l respekte tout echeyans ki nan Akò 5 Fevriye 2016 la, gen lòt ki montre, avèk egzanp, respè akò a se yon defi otorite an plas yo kapab leve. Pami moun ki reflechi konsa yo genyen Depite Kap-Ayisyen an, Jean Etienne, ki di gouvènman Privert/Jean-Charles la gen ase tan devan n pou òganize eleksyon nan dat 24 avril la dekwa pou yon nouvo prezidan prete sèman le 14 me pwochen. Sepandan, daprè Misye Etienne, fòk otorite yo serye epi plase enterè peyi a anvan pwòp enterè pa yo.

XS
SM
MD
LG