Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Politik : Gwoup 16 nan Sena a Rankontre ak Prezidan Michel Martelly ak Premye Minis Demisyonè a Jean Max Bellerive


Gwoup 16 la (Gwoupman Renouvo Palmantè) ki gen majorite n an Chanm Sena a fè yon rankont espesyal ak Prezidan Michel Joseph Martelly ak premye minis sòtan an Jean Max Bellerive.

Dosye premye minis deziye a Dr. Garry Conille te sant rankont politik sa a ki dewoule byenta nan jounen mèkredi 14 septanm nan nan moman komisyon k ap etidye dosye kandida pwomèt pou l renmmèt rapò l nan jou k ap vini la yo.

Manm GPR la ki reprezante yon fòs politik nan Sena a poko bay yon pozisyon kategorik sou ka premye minis deziye a , Dr Conille , menm jan yo te fè l pou mèt Bernard Gousse la. Sepandan yo di y ap fè yon vòt politiko-teknik sou dosye ansyen fonksyonè Nasyon Zini an.

Pandansetan traktasyon ak rankont politik ap fèt pasi-pala kote aktè yo ap chèche jwenn yon tèt ansanm pou finalman pèmèt peyi a genyen yon nouvo gouvènman. Senatè Joseph Joel John ki se yon reprezan depatman Lwès, te patisipe nan 2 rankont sa yo ki te dewoule separeman : youn ak premye minis demisyonè Jean Max Bellerive ; e lòt ak chèf leta ayisyen an Michel Martelly.

XS
SM
MD
LG