Nan peyi Dayiti, Premye Minis Jean Max Bellerive remèt demisyon n nan moman yon administrasyon tou nèf ap monte sou pouvwa a.
Apre plis pase yon ane misye Bellerive pase nan tèt gouvènman an, li anonse li kite pòs la pou yon ekip tou nèf pran mayèt la.
Sepandan, ann atandan kreyasyon nouvo kabinè ministeryèl la, li pral kontinye likide afè kourant Leta ayisyen an.
Jean Max Bellerive se an menm tan ko-prezidan Komisyon Enterimè pou Rekonstriksyon Ayiti a (CIRH), bò kote ansyen Prezidan ameriken Bill Clinton ki se lòt ko-prezidan an.