Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Plizyè Majistra ak Jij de Pè Antame yon Grèv pou Pwoteste Kont Enjerans Pouvwa Ekzekitif la


Asosyasyon Pwofesyonèl Majistra yo (APM) mete ak Asosyasyon Nasyonal Majistra ayisyen (ANAMAH plis Asosyasyon Jij de Pè yo (AJUP) kòmanse yon grèv depi lendi 20 me 2019 la pou pwoteste kont enjerans pouvwa egzekitif la nan pouvwa jidisyè a.

Grevis yo mande otorite yo pou nonmen jij ke Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a rekòmande. Dapre òganizatè yo premye jounen arè travay la te obsève nan tout 18 juridiksyon yo. Antretan Grefye yo anonse yon grèv pou jedi 23 ak vandredi 24 me 2019 la.

Majistra yo ap revandike peyman aryere salè, pi bon kondisyon travay ak aplikasyon yon seri pwovizyon legal konfòmeman ak lwa sou fonksyonman Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a (CSPJ).

XS
SM
MD
LG