Accessibility links

Breaking News

Nasyon Zini Pral Gen yon Misyon Redui ann Ayiti Avan Fen Mwa Oktòb 2017 la


Fòs Misyon Lapè Nasyon Zini an MINUSTAH konpoze ak militè ki soti nan 53 peyi.
Fòs Misyon Lapè Nasyon Zini an MINUSTAH konpoze ak militè ki soti nan 53 peyi.

13 avril 2017, Konsey Sekirite Nasyon Zini an pase alaksyon pou l kòmanse mete fen nan 13 ane misyon lape li a ann Ayiti, MINUSTAH.

Misyon sa a ki gen apeprè 5,000 sòlda ladan l ap kòmanse diminye nan twoup li yo, pou fèl vin tounen yon fòs pipiti ki pral gen ladan 1.200 polisye. Kò polis sa a pral konsantre l sou fè respekte lalwa, bay polis ayisyèn nan (PNH) plis jarèt, e swiv deprè kòman sistèm respè dwa moun nan ap mache nan peyi a.

Anbasadè Ameriken an nan Nasyon Zini, Nikki Haley, deklare bay manm konsey yo kote li di, “Pandan misyon estabilizasyon Ayiti a ap pran fin e nouvèl misyon an ap antre an fonksyon, pèp Ayisyen an pral pran otonomi li nan pwòp men li.”

Reyinyon Konsèy Sekirite Nasyon Zini nan New York, Etazini.
Reyinyon Konsèy Sekirite Nasyon Zini nan New York, Etazini.

Konsey la bò kote pa l, nan yon desisyon tout manm li yo aksepte, kwè etap ki pi enpòtan nan wout estabilizasyon Ayiti a deja reyalize paske te gen yon transfè pouvwa ki pase san deblozay nan eleksyon ki te fèt nan mwa novanm 2016 pase a.

MINUSTAH ann Ayiti

Misyon Stabilizasyon Nasyon Zini an, MINUSTAH, te deplwaye nan peyi Dayiti nan mwa jen 2004. Li te pran plas yon fòs Miltinasyonal Pwovizwa ke Konsèy Sekirite òganizasyon mondyal la nan mwa fevriye 2004 te otorize pou vin sekirize peyi a apre depa Prezidan Jean Bertrand Aristide ki te oblije kite pouvwa a epi pati pou ekzil anba presyon yon soulèvman ame kont rejim li an ki te pran chè nan tout rakwen repiblik la.

Nan ane 2010, peyi Dayiti te rekòmanse repran chemen stabilite ak lapè lè yon gwo tranblemandtè te frape l. Plis pase 220.000 moun te pèdi lavi yo. Pami mò yo te gen alatèt MINUSTAH ak tout asistan li an epi 100 lòt manm misyon an.

Nan sousi pou te pote plis asistans bay viktim dezas natirèl sa a, Konsèy Sekirite l'ONU an te ajoute 3.500 twoup sou lòt ki te deja sou teren an ann Ayiti.

Nan ane 2016, peyi Dayiti te fè fas ak yon 2èm katastwòf natirèl lè Siklòn Matthew te devaste zòn grand sid la epi touye plizè santèn moun.

Epidemi Kolera

Sepandan, nan menm fen ane 2016 la, Nasyon Zini te rekonèt li te jwe yon wòl nan mennen epidemi kolera a ann Ayiti. Maladi kolera touye plis pase 8.500 ayisyen nan ane pase yo. Responsab Nasyon Zini nan epòk la ki te vizite Ayiti te fè konnen li ta pral mete sou pye yon fon komen yon fason pou òganizasyon mondyal la kapab pote asistans bay fanmi viktim yo epi ede konbat epidemi mòtèl sa a ki pat ekziste nan peyi a anvan.

Yon demonstratè kap ekri yon mesaj an kreyòl ak penti sou yon mi ki di: "Nou mande jistis pou tout viktim kolera yo." devan biwo MINUSTAH a nan Pòtoprens, Ayiti,15 oktòb 2015.
Yon demonstratè kap ekri yon mesaj an kreyòl ak penti sou yon mi ki di: "Nou mande jistis pou tout viktim kolera yo." devan biwo MINUSTAH a nan Pòtoprens, Ayiti,15 oktòb 2015.

Dapre nouvèl yo se twoup militè ki te soti nan peyi Nepal ki te pote maladi kolera a ann Ayiti. Malerezman, fon komen Nasyon Zini te mete sou pye a pou viktim kolera yo pat rive rasamble menm yon ka nan 400 milyon dola li te bezwen pou konbat epidemi an.

Viktim Epidemi Kolera yo kap resevwa swen nan yon sant sante nan Ans Deno, Ayiti, 11 oktòb 2016.

Kritik kont Manm Militè MINUSTAH yo pou Abi Seksyèl

An menm tan tou, plizyè manm nan twoup fòs mentyen lapè misyon Nasyon Zini an ann Ayiti MINUSTAH anba gwo kritik pou vyòl ak eksplwatasyon seksyèl sou minè, tifi kou tigason ak jèn fi ki pami moun ki pi vilnerab yo ke yo te la pou pwoteje.

Janila Jean, se yon ti fi 18 tan, ki abite Jakmèl, Ayiti. Li gen yon timoun sou bra li ki se pitit li. Dapre sa Janita di, li te gen 16 zan e li te vyèj lè yon sòlda brezilyen te vyole li nan yon baz militè MINUSTAH. Foto: 15 oktòb, 2016.
Janila Jean, se yon ti fi 18 tan, ki abite Jakmèl, Ayiti. Li gen yon timoun sou bra li ki se pitit li. Dapre sa Janita di, li te gen 16 zan e li te vyèj lè yon sòlda brezilyen te vyole li nan yon baz militè MINUSTAH. Foto: 15 oktòb, 2016.

Madam Bastien ki se responsab yon òganizasyon non-gouvènmantal kap defann dwa medam ayisyèn yo nan dyaspora a e ki gen biwo li nan Florid, mansyone bay ajans nouvèl AP plizyè ka vyòl sòlda MINUSTAH yo komèt ann Ayiti. Dapre Madam Bastien anpil nan viktim yo tonbe ansent e sòlda MINUSTAH yo refize peye lajan pou okipe timoun yo.

Dapre ajans de près AP, pou pipiti gen 134 manm fòs mentyen lape Sri Lanka ki te komèt zak seksyèl plizyè fwa sou anviwon 9 timoun ayisyen nan yon trafik krim seksyèl ki tap opere soti nan ane 2004 pou rive nan ane 2007. Okenn nan manm fòs mentyen lape sa yo pa pran prizon pou krim sa yo, yo te komèt.

Ajans nouvèl AP rapòte pandan 12 dènye ane yo, yo anrejistre plis pase 2.000 ka vyòl sòlda Mentyen Lapè Nasyon Zini yo komèt atravè lemond.

Peyi Etazini ki peye apeprè yon tyè nan bidjè pou fòs mentye lape yo chak ane, yon lajan ki rive nan prèske 8 milya dola, leve vwa li pou mande sispann abi yo sou popilasyon vilnerab yo.

Anbasadè Etazini an nan Nasyon zini, Nikki Haley
Anbasadè Etazini an nan Nasyon zini, Nikki Haley

Anbasadè ameriken an nan l’ONU Nikki Haley deklare:

“Alòske misyon sa a sanble yon siksè..., malerezman se yon kochma --yon move rèv--pou anpil moun ann Ayiti, moun sa yo pap janm ka bliye ... e yo pral kontinye viv ak sikatris yo. Nou dwe rekonèt timoun ki abandone yo--- timoun ant 12 a 15 zan, kap viv chak jou nan grangou.

Manm fòs mentyen lapè yo te sèvi ak sirèt e ak bonbon pou pran tèt yo. Yo te ofri yo bagay sa yo pou yo te ka abize yo seksyèlman. Dapre jounalis Associated Press Pislay Dodds, lè yon sòlda te finn sèvi ak ti moun sa yo, yo te pase yo bay lot sòlda.

An 2011, anpil sòlda misyon an te mete ansanm pou yo vyole yon ti gason, epi, yon bagay ki degoutan, yo te sèvi ak yon telefòn pòtab pou yo filme sèn nan.

Kisa nap di timoun sa yo? Eske sòlda mentyen lapè sa yo te ba yo pwoteksyon ak sekirite? Nou dwe rekonèt reyalite sa yo. Ki leson nou ka tire de aksyon sa yo? Yo te voye sòlda mentyen lapè sa yo nan kominote ki vilnerab pou yo pwoteje inosan, e non pa pou eksplwate yo ni vyole yo.”

Anbasadè Haley fini pou l di: “Peyi ki refize admèt ke sòlda yo responsab pou zak vyòl sa yo dwe konnen se oubyen jan de zak sa yo sispann, oubyen twoup sa yo prale lakay yo epi yap sispann ba yo lajan.”

Fòs Misyon Lapè Nasyon Zini an, MINUSTAH, konpoze ak militè ki soti nan 53 peyi. 900 ladan yo se sòlda brezilyen. Gen lòt ki soti nan peyi Chili ak Irigwe. Gen lòt tou ki soti nan peyi End, Jòdani, Nepal ak Pakistan.

XS
SM
MD
LG