Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Manm Kabinè Ministeryèl la Reponn Konvokasyon Sena a


Pifò minis yo, reponn konvokasyon komisyon senatè k ap ankete sou nasyonalite manm gouvènman an. Minis ki pat fè deplasman an jedi 23 fevriye a te voye dokiman vwayaj yo bay komisyon an.

Sena a te pwofite konvoke minis enteryè a, Thierry Mayard-Paul, ak responsab biwo imigrasyon yo pou yo vinn pote limyè sou plizyè dokiman achiv ki ta boule.

Ko-prezidan komisyon an, Senatè Moise Jean-Charles, ki bay Lavwadlamerik yon entèvyou sou dosye a, kontinye ensiste pou mande chèf leta a, Michel Joseph Martelly, kolaborasyon l nan kad ankèt sou nasyonalite gouvènman l lan.

Premye minis ayisyen an, Garry Conille, deja bay komisyon ankèt la 4 paspò li yo.

klike sou lyen ki nan kòmansman atik la pou w koute yon entèvyou Jean-Pierre Leroy ak Senatè Moïse Jean-Charles

XS
SM
MD
LG