Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Manifestasyon Anti-Prezidan René Préval Nan Pòtoprens ak Nan Gonayiv


Haiti president Rene Preval
Haiti president Rene Preval

Plizyè santèn moun manifeste devan Palè Nasyonal la nan kapital ayisyen an ak nan site endepandans lan pou mande demisyon misye Préval sou pouvwa a

Lapolis peyi Dayiti tire gaz lakrimojèn pou gaye devan Palè Nasyonal plizyè santèn moun ki tap manifeste kont prezidan Préval. Depi kèk semèn, opozisyon an deklanche yon mouvman mobilizasyon pou reklame demisyon lidè ayisyen an, René Préval, ak ranvwa Konsèy Elektoral Pwovizwa a. Manifestan yo, antwòt, repwoche misye Préval deske li vle rete sou pouvwa a apre palman an te vote yon pwojè-lwa ki pèmèt li rete jouk mwa me 2011 si eleksyon pa ta dewoule nan fen ane a—yon desizyon ki kontrè ak lwa elektoral la.

Ansyen senatè Déjean Bélizaire, ki te pami manifestan yo, di prezidan Préval fè palman an pase yon lwa “enkonstitisyonèl” pou pwolonje manda li, se nòmal pou pèp la mande demisyon li. Ansyen depite Normil Gelin, (Lestère) ale nan menm sans lan: Li di apre 12 janvye misye Préval “fè pase lwa yon bann lwa enkonstitisyonèl pwolonje manda li pandan pèp la toujou anba tant nan lari… yon aksyon enkonstitisyonèl”. Pou sa nou pran lari-a ak pèp la pou mande Préval; kite pouvwa a, deklarasyon mèt Gelin.

Men se pa sèl sa opozisyon an repwoche René Préval. Li kritike pwojè-lwa Komisyon Interimè pou Rekonstriksyon Ayiti a (CIRH) ; Lwa sa a soulve kòlè opozisyon an ak kèk manb sosyete sivil la ki kritike prezans reprezantan yon seri peyi nan komisyon an—prezans ki, selon deklarasyon sèten fè nan laprès, minen “dwa souvren Ayiti.

Nan dat 18 me ki sòt pase a, prezidan Préval te eseye kalme kè sote opozisyon an lè li anonse se dènye fèt drapo lap komemore antanke prezidan nan Lakayè. Malgre sa, plizyè pati politik anonse yo pa pral’ patisipe nan eleksyon ak Konsèy Elektoral Pwovizwa ki la kounye a. Manifestasyon an te dewoule preske san ensidan. Sepandan, lè yo te rive nan nivo palè nasyonal la, nan kè kapital ayisyen an, lapolis te kwape yo ak gaz lakrimojèn. Youn nan òganizatè yo, ki pale ak anvwaye espesyal sèvis Kreyòl la, Jacquelin Bélizaire, di manifestasyon madi a se yon siksè e ke yo leve defi ki entèdi moun manifeste devan palè a. Li anonse yon lòt debreyaj pou jedi apre yo va finn fè evalyasyon pwotestasyon 25 me a.

XS
SM
MD
LG