Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Lwa Dijans La Kontinye Bay Kè Sote


Ann Ayiti, manm sena a eksprime regrè yo poutèt Gran Kò a pèdi ekilib ki dwe egziste ant Pouvwa Lejislatif la ak Pouvwa Ekzekitif la depi palman an te vote lwa dijans la ki elimine rapò nòmal ki ta dwe genyen ant 2 pouvwa yo. Daprè kèk obsèvatè, vinn gen yon fòs-kote nan relasyon ant palmantè yo ak Egzekitif la e dezekilib sa a ale nan avantaj Prezidan René Préval. Kèk senatè, tankou Hyppolite Mélius, panse dezekilib sa a ant 2 branch gouvènman yo kapab ouvri pòt la pou tout kalite aksyon enkonstitisyonèl e pou koripsyon. Se premye nouvèl nou devlope nan kout-je nou fè pou vandredi 25 jen 2010 la sou aktyalite a nan peyi Dayiti.

Klike sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou w koute repòtaj korespondan nou yo sou aktyalite ann Ayiti.


XS
SM
MD
LG