Lapolis ayisyèn lanse yon gwo operasyon nan kapital la, Pòtoprens, pou l kapab konbat banditism a lokazyon sezon fèt lan.
Nan plizyè entèvansyon yo fè lendi 12 desanm 2011 la, yo arete anpil bandi nan nivo Petyonvil, kote komisè vil la anonse operasyon sa yo pral pousuiv pou yo kapab asire sekirite nan peyi a.
Lapolis pwomèt pou ranfòse mezi sekirite yo pandan sezon fèt fen ane a.
Klike sou lyen ki nan kòmansman atik la pou w koute repòtaj Rotchild Francois Jr.