Accessibility links

Breaking News

Konkou Anyèl Gran Kuizinye nan Washington - Chanpyon an Tit la, Ayiti, Pare pou L defann Plas Li


Nan sware jounen jedi 17 me 2018 la, nan Building Ronald Reagan nan, nan Washington, D.C., yon tradisyon ki la depi 10 zan pral kontinye. Espesyalis nan domèn "art culinaire" oubyen chef kuizinye, pral reprezante anviwon 30 peyi nan yon konkou ki dweoule sou patwonaj mond diplomatik la nan kapital federal Lèzetazini an.

Chanpyon an tit la se Chef Thia, yon veritab "condon bleu" nan kuizin ayisyèn ki te pran premye pri a nan ane 2017 la. Pou ane 2018 la, anbasadè ayisyen an Ozetazini, Paul Altidor, envite yon lòt chèf natif-natal, an palan de Misye Jouvens Jean ki posede divès restoran ann Ayiti ak Ozetazini.

Yon fwa ankò, nou prezante konpliman nou bay Chef Thia ki te byen defann koulè Peyi d Ayiti nan konkou ane pase a e nou swete Chef Jouvens Jean bòn chans.

XS
SM
MD
LG