Responsab lasante ayisyen e etranje ap santre tout atansyon yo sou fason pou anpeche maladi kolera a gaye toupatou ann Ayiti, nan moman kantite ka lanmò yo ap ogmante, e ke nouvo ka maladi yo kontinye ap vale teren nan peyi a.
Ministè santé piblik Ayiti a fè konnen 330 moun déjà mouri anba epidemi an e plis pase 4714 lòt ap suiv tretman kont kolera. Ministè a fè deklarasyon sa a nan jounen vandredi 29 oktòb 2010 la.
Responsab lasante yo di yo resanse pifò ka yo nan rejyon Plato Santral ak depatman nor nasyon karayibeyen an.
Oganizasyon panamerikèn ak kèk lòt ajans entènasyonal ap travay nan tèt ansanm ak ministè lasante ayisyen an pou bay tretman epi sansibilize ayisyen yo sou prekosyon yo dwe pran pou yo pa trape epidemi kolera a.
Nan Pòtoprens, gwoup k ap bay èd yo ap mache distribye bwochi ki montre popilasyon ki anba tant yo règ ijyèn k ap anpeche yo trape maladi a.
Direktè youn nan kan ebèjman yo dako pou l mete sou pye yon sant pou trete kolera sizoka epidemi an ta eklate nan kapital la, Pòtoprens.
Ajans Nazyonzini yo ak plizyè peyi zanmi Ayiti mete ansanm pou bay yon repons rapid apre epidemi kolera a ki frape peyi a. Prezidan Asosyiasyon Medikal Aysiyen an, doktè Claude Surena, di lavwadlamerik gen anpil efò k ap fèt pou tout aktè yo byen kowòdone repons sa a.
Klike sou lyen anlè e adwat atik la pou w tande entèvyou Jean Pierre Leroy ak responsab Medikal Ayisyen an Claude Surena.