Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Kolera: Reyaksyon Etazini Sou Maladi a


Yon lòt kote toujou nan Washington, espesyalis lasante nan gouvènman ameriken an deklare jedi 18 novanm 2010 la, sa kapab pran plizyè lane avan pou responsab yo reyisi dechouke totalman maladi kolera a ann Ayiti ---yon epidemi ki déjà pran lavi plis pase 1100 kretyen vivan.

Lèzetaini ak lòt donatè entènasyonal leve kanpe pou pote asistans bay Ayiti. Nan yon pwen-de-près, direktè pwovizwa Ajans amerikèn Pou Devlopman Entènasyonal (USAID) Mark Ward, eksprime konfyans li nan lidèchip gouvènman ayisyen an malgre kantite moun k ap mouri yo ap ogmante.

Mesye Ward te tou pwofite fè konnen, asistans Etazini bay Ayiti espesyalman pou epidemi kolera a depase 9 milyon dola e asistans sa a vize sitou pirifikasyon dlo nan prensipal vil peyi a e nan kèk lòt rejyon.

Menoj Menon ki responsab, nan kad epidemi sa-a , lyezon ant USAID ak CDC( Sant Ameriken pou Kontwòl maladi) deklare: "Ayiti ekspoze anpil akoz deranjman tranblemanntè 12 janvye 2010 koze ak le fèt ke popilasyon ayisyèn nan genyen yon feblès natirèl nan kesyon sanitè e nan domèn imanitè.

XS
SM
MD
LG