Accessibility links

Breaking News

Ayiti Kolera: Gen Krent Pou Maladi a Pa Gaye Plis Nan Peyi A


Responsab lasante entènasyonal yo fè konnen yo atann yo aske kantite moun ki trape maladi kolera nan eyi Dayi pral ogmante.

Daprè OMS (Oganizasyon Mondyal Lasante), otorite ayisyen yo konfime 259 ka lanmò, tandiske 3300 moun trape bakteri ki bay maladi a.

OMS kontinye pou l di, a pa Depatman Latibonit la kote yo te detekte epidemi kolera a, responsab yo ap fè tès lòt kote pou wè si maladi a pa prezan nan lòt rejyon peyi a, tankou nan Depatman Lwès la kote kapital la, Pòtoprens, sitiye.

Bò kote pa l, OPS (Òganizasyon Pan-Amerikèn Lasante) –ki se branch rejyonal OMS—fè konnen kantite ka lanmò yo ak kanite moun ki afekte yo, se yon desepsyon, paske 75 moun ki gen trape maladi a pat montre okenn sentòm ; e, san di pètèt, chif yo idantifye yo pi ba lontan pase kantite reyèl moun ki afekte yo.

Otorite lansante-yo gen kè sote pou maladi Kolera a --ki plis konsantre nan Depatman Latibont la, ki nan sant Ayiti—pa gaye pou l tonbe sou moun deplase k ap viv pil sou pil nan kan ki nan kapital la, kote plizyè santèn de milye sivivan tranblemanntè 12 janvye pase a ap viv.

Oganizayon Mondyal Lasante fè konnen gouvènman ayisyen an tabli yon plan dijans sou fwontyè peyi a avèk Repiblik Dominikèn, pou anpeche maladi a antre sou tèritwa vwazen an.

Nou envite w koute plis sou dosye epidemi kolera a ann Ayiti avèk Chérubin Dorcil e Serge Rodriguez.

Klike sou lyen anlè e adwat atik la pou w tande repòtaj Chérubin Dorcil e Serge Rodriguez.

XS
SM
MD
LG