Nan peyi Dayiti, responsab lasante yo fè konnen kantite moun k ap mouri anba epidemi kolera a kontinye monte seryezman depi 3 semèn.
Dapre chif gouvènman an pibliye dimanch 14 novanm 2010 la, 917 moun mouri e 14 mil 642 moun twouve yo lopital akoz maladi a.
Otorite yo konfime omwen 13 ka moun ki mouri nan kapital la, Pòtoprens.
Travayè lasante yo pè pou maladi a pa gaye nan tout kapital la kote plizyè santèn milye moun ap viv anba tant depi tranblemanntè 12 janvye 2010 la.