Kèk nouvo ka kolera parèt nan peyi Dayiti nan moman sekouris yo ap kontinye fè efò pou yo konbat epidemi an. Daprè otorite lasante ayisyen yo, 25 lòt moun mouri madi 26 oktòb 2010 la --sa fè kantite total viktim fatal yo monte rive o mwen 284. Menm sous la fè konnen genyen konyela a plis pase 3 mil 600 ka kolera konfime nan peyi a, e yo atann yo aske kantite sa a ogmante. Òganzasyon Mondyal Lasante (OMS) sispèk responsab aysiyen yo pa konsantre efò yo sèlman nan Vale Latibonit la kote yo te dekouvri maladi a an premye ; men y ap fè tès lòt kote nan peyi a, san bliye Depatman Lwès la kote kapital la, Pòtoprens, sitiye.
Bò kote pa l, OPS (Òganizasyon Pan-Amerikèn Lasante) –ki se branch rejyonal OMS-- fè konnen kantite ka lanmò yo ak kantite moun ki afekte yo, se yPotoprenson chif ki twonpe menm obsèvatè avize yo, paske o mwen 75 moun ki trape maladi a pat montre okenn sentòm; e, san di pètèt, chif yo idantifye yo pi ba lontan pase kantite reyèl moun ki afekte yo.
Otorite lansante yo gen kè sote pou maladi Kolera a --ki, tankou nou di sa deja, plis konsantre nan Depatman Latibonit la, ki nan sant Ayiti-- pa gaye pou l tonbe sou moun deplase k ap viv pil sou pil nan kan ki nan kapital la, kote plizyè santèn de milye suvivan tranblemanntè 12 janvye pase a ap viv. Oganizayon Mondyal Lasante fè konnen gouvènman ayisyen an tabli yon plan dijans sou fwontyè peyi a ak Repiblik Dominikèn, pou anpeche maladi a antre sou tèritwa vwazen an.
Korespondan nou Clarens Renois ki nan Pòtoprens ap di nou plis.
Klike sou lyen anlè e adwat atik la pou w tande repòtaj Clarens Renois.