Chans pou Plis Moun Trape Maladi Kolera Ogmante Apre Pasaj Siklòn Matthew sou Peyi Dayiti
Minis Sante Piblik la, Dr. Daphné Benoit Delsoin, di li soumèt yon bidjè 1,5 milyon dola ameriken pou repare estrikti sanitè yo epi fè fas a fenomèn Kolera a nan depatman Sid ak Grandans peyi a. Madan Delsoin ajoute, "Direksyon Nasyonal Dlo Potab (DINEPA) ap travay pou desenfekte tout sous dlo yo."