Sòti samdi 7 pou rive vandredi 14 avril 2017 la, yon gwoup jounalis ayisyen te nan Washington, kapital federal Lèzetazini, pou yo swiv yon seminè sou repòtaj kiltirèl sou patwonaj Lavwalamerik ak Anbasad amerikèn nan Pòtoprens. Seremoni ouvèti ofisyèl la te dewoule lendi 10 avril la avèk kominikasyon divès responsab Lavwadlamerik; pami yo te genyen Ronald César, direktè Sèvis Kreyòl la, Amanda Bennett, direktris jeneral Lavadmamerik, Joan Mower, diretris divisyon Estaj ak Fòmasyon VOA, ak Doug Boynton, direktè divizyon devlopman VOA. Nan okazyon an, patisipan yo te gen okazyon tande Ambasadè Paul Altidor, chèf misyon diplomatik Ayiti Ozetazini, ki te pale de eta aktyèl rapò ant Washington ak Pòtoprens epi li te mete aksan sou enpòtans yon seminè konsa pou travay jounalis yo ap fè ann Ayiti.
Nan seminè sa a, patisipan yo te suiv prezantasyon sou tèm sa yo:
-Kòd Jounalistik Lavwadlamerik la, pa Ronadl César, direktè Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la;
-Konpreyanyon Kilti Amerikèn nan, pa Carol Guensburd, Editè liezon nan Lavwadlamerik;
-Wòl Kilti nan Sosyete Amerikèn nan, pa Doktè Robert Maguire, pwofesè relasyon entènasyonal nan Inivèsite George Washington;
-Itilizasyon Pwofesyonèl Twitter ak Facebook, pa Sandra D. Lemaire, Editè nan Biwo Web Lavwadlamerik la.
Pwogram nan te gen ladan n tou vizit nan divès enstitisyon piblik nan Washington, tankou Depatman Deta a, kote jounalis yo te rankontre Prensipal Asistan Sekretè d’Eta Adjwen e Kowòdonatè Espesyal pou Ayiti, Anbasadè Kenneth Merten, ki te reponn kesyon yo sou –antwòt- jan gouvènman ameriken an wè evolisyon sitiyasyon an nan peyi d Ayiti; bibliyotèk Kongrè ameriken an; Newseum nan –yon mize ki konsakre totalman sou travay laprès- Oganizsayon Eta Ameriken (OEA) kote jounalis yo te rankontre ak Reprezantan Pèmanan Ayiti nan òganizasyon rejyonal la, Ambasadè Jean-Vicor Harmel Jean-Baptiste; Mize de Lè e de Lespas kote yo te vizite yon ekspozisyon ki montre premye avyon ki te vole Ozetazini an, envansyon savan ameriken Frè Wright yo, ak divès modil espasyal tankou aparèy Apollo XI la; Kennedy Center kote yo te asiste yon prezantasyon; epi, antwòt, yon vizit nan rezidans Anbasadè ayisyen an nan Washington, Paul Altidor.
Nan seremoni kloti a ki dewoule nan apremidi jounen vandredi 14 avril la, jounalis yo te resevwa setifika patisipasyon e yo te pwofite bay opinyon yo sou vil Washington e sou pwogram nan an jeneral. An plis patisipan yo, pèsonalite ki te pran lapawòl nan okazyon an sete:
Ronald Cesar, direktè Sèvis Kreyòl la; Inna Dubinsky, direktris Divisyon Devlopman nan Lavwadlamerik, ak Indran Amirtanayagam, direktè Afè Piblik nan anbasad Lèzetazini ann Ayiti.
Men non jounalis yo ak medya yo reprezante ann Ayiti: Gaëlle BIEN-AIME, Radio Ibo, Pòtoprens; Joel FANFAN, Ticket Magazine/Visa FM, Pòtoprens; Souzen JOSEPH, Télévision Nationale d’Haiti, Pòtoprens; Chrislene LUBIN, Le National, Pòtoprens; Inrico Dangelo NEARD, Radio Tele Caraibes, Pòtoprens; Alain PIERRE, Radio Tele Express/Jacmel; Mirline PIERRE, Magik 9, Pòtoprens; Dieulermesson PETIT FRERE, Le Nouvelliste, Pòtoprens.
Lyonel D. Desmarattes/Arthur Jean-Pierre
Washington, 14 avril 2017.