Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Eleksyon: KEP a Pote Plis Detay sou Finansman Eleksyon Oktòb 2016 yo


Ann Ayiti: Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP) prezante bidjè detaye operasyon elektoral la ki toujou evalye a 55 milyon dola ameriken. Daprè direktè egzekitif enstitisyon an, Uder Antoine, leta ayisyen gen pou l kontribye 48 milyon dola KEP a pral ajoute sou plis pase 6 milyon dola ki pat depanse nan lajan ki te la pou eleksyon 2015 yo. Misye Antoine fè konnen se Ministè Ekonomi ak Finans kap gen pou dekese lajan pou aktivite elektoral yo chak fwa KEP a bezwen.

Yon lòt kote, daprè pòtpawòl Konsèy Elektoral la, Nicole Siméon, enstitisyon an pibliye rezilta eleksyon lejislatif pou sikonskripsyon Obòy, nan Nò peyi a, depi 16 out 2016 la. Selon rezilta BCEN mete deyò, se kandida Verite a, Gérald Saint-Jean, ki ranpòte eleksyon an sou kandida PHTK a, Jude Faustin.

Prezidan Sena a, Ronald Larèche, pa kache preokipasyon li sou dewoulman pwochen eleksyon yo. Korespondan nou Orpha Dessources di nou lidè Gran Kò a mande KEP a ak gouvènman an pran tout dispozisyon pou eleksyon yo dewoule jan kalandriye elektoral la prevwa l.

Anfen, Komisyon Etik ak Anti-Koripsyon Sena a renmèt biwo a rapò li sou ankèt li tap mennen sou fason otorite yo tap jere fon Petro Karibe a. Komisyon an rekòmande pou “Unité de Lutte Contre la Corruption (ULCC), Kou Siperyè dè Kont ak Pakè Pòtoprens la mennen plis envestigasyon sou jesyon plizyè ansyen premye minis, minis ak konsèy administrasyon Biwo Monetizasyon an (BMPAD). Nou gen detay ak prezidan komisyon an, Senatè Youri Latortue.

Nouvèl Jedi 18 out 2016 la - Vwa : Marie-Luce Pierre ak Serge Rodriguez
please wait

No media source currently available

0:00 0:09:27 0:00

Klike sou lyen anlè a pou w swiv detay nouvèl sa yo ak Marie Luce Pierre e Serge Rodriguez.

XS
SM
MD
LG