Nan peyi Dayiti, minis jistis Paul Denis, ki t ap vizite vil O Kay jedi 26 out la prezante yon bilan pozitif pou fonskyonman lajistis pandan ane fiskal 2009-2010 la. Mesye Denis fè konnen li baze evaliyasyon n nan sou kontak li te genyen avèk reprazantan òganizasyon dwa moun ki vizite Ayiti.
Sepandan, ekspè nan kesyon legal yo ak gwoup dwa moun ann Ayiti, pa gen menm opinyon an sou sitiyasyon lajistis ann Ayiti. Yo lonje dwèt yo, pa egzanp, sou sa yo rele "yon mank jij nan peyi a"; sa ki lakòz tribinal tande kèk afè avèk anpil reta lè yo pa ranvwaye yo endefiniman. Sitiyasyon sa a lakòz yon gwo kantite ka jiridik ap trennen nan sistèm nan.
Yon lòt kote, dosye elektoral la kontinye domine aktyalite a. Se konsa, kèk lidè politik lanse apèl bay kòlèg yo ki sou lis kandida Konsèy Elektoral Pwovizwa a otorize patisipe nan prezidansyèl novanm nan, pou mande yo kite kous la yon fason pou denonse ilegalite desizyon KEP a ap pran.
Sou Il La Gonav, divès segman nan popilasyon an lonje dwèt sou difikilte y ap konfwonte nan efò y ap fè pou yo jwenn yon kat didantite. Alòske ONI (Ofis Nasyonal Idantifikasyon) anonse li gen kat pou tout moun, gen sitwayen ki pase yon jounen nan biwo lokal yo sou Il la e yo oblije retounen lakay yo san kat la.
Nan yon seksyon riral Komin Boukan Kare, nan Plato Santral la, 2 moun mouri tèt koupe apre yon goumen ki te pete nan zòn nan. Korespondan an di nou 2 ka lanmò sa yo se rezilta malere yon goumen ki te fèt nan yon distribisyon sirèt.
Anfen, majistra vil Bèladè, Lucner Emile, denonse trafik timoun k ap fèt sou fwontyè ant Ayiti ak Peyi Panyòl. Majistra a di li regrèt anpil le fèt ke otorite yo nan Pòtoprens pa fè anyen pou pote yon solisyon nan pwoblèm sa a.
Korespondan nou yo atravè Ayiti devlope nouvèl sa yo pou nou.
Klike sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou w koute repòtaj VOA kreyòl pou jounen 27 out 2010 la