Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Jistis : Arestasyon yon Òmdafè nan Kad Ankèt sou Asasina Direktè Bank Nasyonal Kredi a (BNC), Guiteau Toussaint

Lajistis ayisyèn mete nan prizon yon òm dafè nan kad ankèt otorite yo ap mennen sou asasina direktè Bank Nasyonal Kredi (BNC) Guiteau Toussaint.

Òmdafè ki anba men lapolis la se Franck Ciné, yon ansyen pwopriyetè bank e direktè aktyèl yon konpayi telefòn pòtab.

Otorite lajistis yo te konvoke Misye Ciné nan Pakè jedi 16 jen 2011 la, e nan fen seyans kote òmdafè a t ap reponn kesyon responsab yo sou asasina a, biwo Komisè Gouvènman an deside kenbe li nan prizon.

Korespondan nou nan Pòtoprens Rotchild Francois Junior ap reponn kesyon Jean Robert Philippe sou nouvèl sa a ak lòt pwen k ap domine aktyalite a ann Ayiti.

Klike sou ikon ki anwo e adwat atik la pou w tande repòtaj Rotchild Francois Jr.

This item is part of
XS
SM
MD
LG