Gouvènman ayisyen an ap pare l pou l inogire yon pwojè lojman sou sit Fò Nasyonal la nan okazyon premye anivèsè tranblemanntè 12 janvye a. Nan okazyon sa a, yon mès ap chante pou viktim yo e gouvènman an ap pwofite lanse pwojè konstriksyon 3000 apatman pou moun ki pèdi kay yo nan zòn Fò Nasyonal la.
Korespondan nou nan Pòtoprens, Clarens Renois, di nou plis.
Klike sou ikon ki anwo e adwat atik la pou w tande repòtaj Clarens Renois.