Accessibility links

Breaking News

Pap François Nonmen Evèk Okay la, Monseyè Chibly Langlois, Kadinal Ayiti


Pap François anonse nomination 19 nuovo Kadinal apre lapriyè Lanjelis dimanch 12 janvye a sou Plas Sen-Pyè, nan vil Wòm, Itali
Pap François anonse nomination 19 nuovo Kadinal apre lapriyè Lanjelis dimanch 12 janvye a sou Plas Sen-Pyè, nan vil Wòm, Itali
Chèf Legliz Katolik Womèn nan, Pap François, nonmen evèk vil Okay la, sidwès Ayiti, Monseyè Chibly Langlois, premye Kadinal ayisyen. Son Eminans, Kadinal Langlois, pral reprezante Ayiti nan Sakre Kolèj la--pi gwo enstans Legliz Katolik la piske se la Kadinal yo reyini pou yo vote e eli yon Pap.

Souvren pontif la chwazi Mgr. Langlois (55 kan, aktyèl prezidan Konferans Episkopal Dayiti e ansyen evèk Fò-Libète) ansanm ak 19 nouvo Kadinal menm jou Ayiti komemore katriyèm anivèsè tranblemanntè 12 janvye 2010 la ki te pran lavi plis pase 250 mil moun nan kapital aysiyen an, Pòtoprens, ak nan plizyè lòt vil peyi a.

Kounye a, Legliz katolik ayisyen an kanpe sou menm pye ak Legliz katolik Repiblik Dominikèn nan ki gen nan tèt li, kadinal Nicolás de Jesús López Rodrìguez, achevèk Santo-Domingo.

Se premye nominasyon Pap François fè depi l rive nan tèt Leglis Katolik la nan mwas 2013. Souveren Pontif la, ki te pran nesans nan peyi Ajantin, ann Amerik Di Sid, se premye Pap ki pa fèt sou kontinan ewopeyen an ki monte sou twòn Sen-Pyè a nan plis pase mil ane. Pap François ki ranplase depi mas 2013 Benoît XVI adopte yon apwòch diferan ak apwòch konsèvatè tradisyonèl Vatican an.

Se apre lapriyè langelis dimanch 12 janvye 2014 la, Pap François, anonse nominasyon nouvo Kadinal li pral konsakre ofisyèlman nan yon Konsitwa k ap tanmen 22 fevriye k ap vini an.

Kadinal yo sòti nan 12 peyi diferan sou 5 kontinan yo pou "demontre rapò sere ki egziste ant Legliz Wòm nan ak lòt legliz katolik ki simaye toupatou sou planèt la", dapre dekla rasyon Souvren Pontif la.

Pap François anonse tou li pral selebre yon mès solanèl 23 fevriye ansanm ak nouvo Kadinal yo, men 20 ak 21 fevriye li pral dirije yon Konsistwa ak tout Kadinal yo san manke youn--Konstitwa kote yo pral chita sou tèm "Lafanmi".
XS
SM
MD
LG