Accessibility links

Breaking News

Gaillot Dorsinvil Pa ka Kite Teritwa Ayisyen an


Sèvis Imigrasyon ayisyen bloke ansyen Prezidan Konsèy Elektoral Pwovizwa a, Gaillot Dorsinvil ki t ap pati yon jou apre Prezidan Martelly pibliye yon kominike pou disoud enstitisyon elektoral la.

Mesye Gaillot Dorsinvil te deja abò avyon konpayi ameriken, American Airline, lè otorite yo te pase l lòd pou l desann aparèy la. Mèt Osner Fevry, avoka Gaillot Dorsinvil di li pral nan Sèvis Imigrasyon pou rekipere paspò ansyen Konseye Elektoral la ki te pase kèk èd tan nan Biwo Lut kont Trafik de Stupefyan ( BLTS.)

Mesye Fevry di kontrèman ak nouvèl ki ta fè konnen se sove li t ap sovekite peyi a, Mesye Dorsinvil te gen nenpòt 2 semèn depi li achte tikè li pou l vwayaje e .

Klike sou lyen ki nan kòmansman atik la pou w koute deklarasyon Mèt Osner Fevry, avoka ansyen Prezidan Konsèy Elektoral Pwovizwa a Gaillot Dorsainvil.

XS
SM
MD
LG